Nan tout antrepriz ki sou rezo Entènèt la, se pònografi ki bay plis lajan. Yon chif ki pa egzajere ditou dapre espesyalis yo, pou sa biznis dekòlte rapòte chak ane sou Entènèt, se 2 milya dola. Jodi a, n' ap pale de yon efò ki sou pye pou mete restriksyon nan domèn sila a.
Sa pa gen lontan, gouvènman ameriken an te lanse yon kanpay pou bloke kouryèl, kidonk kourye elektwonik, ou e-mail, ki endezirab. Sa vle di pakèt vye lèt kap ranpli computer nou san nou pa ni bezwen yo ni konnen moun kàap voye yo. Youn nan kòz efò sila a se flo e-mail ki soti nan sit pònografik yo. Anvan nou pale de lòt efò k’ap fèt pou mete yon limit nan biznis sa a, fò n’di ata moun ki pa vle wè sa ditou, pou rezon relijyon, moral ou lòt, oblije admèt, jan sa ye la a, pònografi papral disparèt sou Entènèt.
Anfèt, yo kalkile mwatye tout trafik ki fèt sou Web la konekte ak pònografi. Se poutèt sa, gen plis moun k’ap mande poukisa yo pa konsakre yon domèn, yon seksyon, apa sou twal la, pou aktivite dekòlte sa yo. Si sa fèt, moun ki vle rense je yo, va nèk ale la pou yo satisfè dezi yo, epitou paran, bibliyotèk, lekòl ki vle pwoteje timoun kont pwodui sa a ap ka bloke yo pi fasil. Puiske sit web pou granmoun sèlman yo tap vin lejitim e fasil pou moun lokalize yo, patizan ide restriksyon an di li patap nesesè ankò pou machann pònografi yo bonbade nou ak vye e-mail endezirab ki pote yon tit pou twonpe nou. Stuart Lawley se yon sitwayen britanik ki abite nan eta Florid e k’ap ankouraje responsab yo tabli yon domèn Entènèt pou “adultes” sèlman. Olye de tèminezon nou abitye wè yo (pa egzanp .com osnon .org) sit web pònografik yo, ak e-mail yo, ta gen adrès ki fini ak 3 lèt x.
Pou moun ki anfavè ide sila a, se tankou yon "red-light district" (sa vle di yon katye pou moun vi lib) ki ta sou Entènèt la, pòtre ak sa nou jwenn nan Amsterdam pa egzanp, kote otorite yo tolere e, nan kèk ka, apiye, kreyasyon yon zòn espesyal pou jan de vi sa a.
Sepandan, se pa tout moun ki dakò ak lide-a. Mèt Jonathan Katz, yon avoka ki reprezante pwopriyetè sit web pou “adultes” di moun sa yo pa vle tonbe nan yon ghetto pònografik. Li di se mete baboukèt, sa ki ta vyole manman lwa peyi a. Anfen, n’ap di ke sosyete prive ki rele ICANN nan e ki sètifye adrès Entènèt yo te rejte lide a nan lane 2001. Fòk li ta chanje pozisyon n’ sèlman pou zòn Entènèt entèdi pou mwens ke an an ta tounen reyalite.