Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Fanmi Lavalas Pral Enskri Anvan Delè 8 Out la, Dapre Yon Responsab


Nan tèt aktyalite a ann Ayiti nou jwenn dosye eleksyon an. Madi 2 out la, pwen ki domine dosye sa a se anons kèk responsab nan sektè modere pati Fanmi Lavalas la, ki di gwoup la pral enskri anvan delè 8 out la, pou li ka patisipe nan pwochen eleksyon yo. Sepandan, yo pa presize si yo chwazi yon kandida pou pòs prezidan an ni si desizyon pou yo patisipe a se rezilta yon antant ant eleman ki sou teren an ak lidè pati a, ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide, ki ann egzil ann Afrik di Sid depi ane pase. Rotchild François, Jr. ap di nou plis.

Yon lòt kote, plizyè pati politik kontinye ap reklame anilasyon atik nan Dekrè Elektoral la ki egzije pou yo gen 5 mil manm enskri anvan yo ka patisipe nan eleksyon yo. Duc Jonathan Joseph gen detay nouvèl sa a depi Gonayiv.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj 2 korespondan sa yo.

XS
SM
MD
LG