Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/1/05


Natation

Najè Ostralyen Grant Hackett tounen premye najè ki ranpòte 4 tit nan yon menm disiplin. Msye ranpòte kous mil 500 mèt la naj lib nan chanpyona du mond natasyon kap dewoule nan Montreal. Pèson poko janm bat Hackett nan kous mil 500 mèt la depi 1996.

Òganizatè chanpyona du mond natasyon an nan Montreal deja anonse yon defisi plis pase 3 milyon 200 mil dola pou evenman ki dure 2 semen. Majistra vil la Gerald Tremblay defisi a pa vle di yo pral ogmante taks sou kontribuab yo. Juska prezan Montreal ap peye defisi li te fè nan Je zolempik yo an 1972--Majistra a di Montreal ap etudye posibilite pou òganize je yo an lan 2016.

Tennis

Veteran tenis ameriken Andre Agassi te bezwen 2 manch pou -l kale Luksanbourjwa Gilles Muller 6-4, 7-5 pou l ranpòte tounwa tenis Mercedes-Benz la ki tap dewoule nan Los Anjeles Kalifòni. Viktwa sa a fè Agassi 60 tièm tit li ranpòte nan karyè l.

Arjanten Guillermo Coria ranpòte tounwa tenis Kwat la gras ak 3 kout rakèt li pase espayòl Carlos Moya 6-2, 4-6, 6-2.

Bèlj Kim Clijsters kale ameriken Venus Williams 7-5, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis West Classic ki tap dewoule nan Stanford Kalifòni. Nan klasman jeneral ki publiye jodi a ameriken Lindsay Davenport toujou an premye pozisyon devan Rus Maria Sharapova, franse Amelie Mauresmo ak Rus Svetlana Kuznetsova. Bò kote mesye yo Swis Roger Federer konsève premye plas la devan Espayòl Rafael Nadal, Ameriken Andy Roddick, Ostralyen Lleyton Hewitt ak Arjanten Guillermo Coria.

Football

Milan A.C fè match nul 1 a 1 ak klub footbal Angle Chelsea nan kad yon match amikal ki jwe ant 2 belijeran Europeyen yo. Ak nul la Chelsea ranpòte toune entènasyonal la sou gòl diferans.Seleksyon tout vedèt MLS la woule klub Angle Fulham F C 4 a 1 nan kad rankont pou make mwatye sezon an nan Kolobus Ohio. Chanpyona nasyonal premyè divizyon franse demare week-end nan ak yon defèt Olenpik de Marseille subi devan Bordeau 2 a 0.Lyon, Monaco, Paris Sen Jermen ak Lille yo tout ranpòte la viktwa nan premyè jounen an.

Atletisme

Detantè rekò du mond 100 mèt la Jamayiken Asafa Powell pap patisipe nan chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule nan Helsinki Findland akoz yon dechirur muskulè. Paul Doyle, ki se ajan kap defann enterè atlèt la, pa ekate posibilite pou Jamayiken patisipe nan kous relè 4 par 100 mèt la.

Cyclisme

Siklis alman Erik Zabel anonse lap kite ekip siklis T-Mobil nan fen sezon an apre li pase 13 zan ap pedale pou ekip la. Zabel, ki di li siyen yon kontra ak yon lòt ekip, deja ranpòte 192 viktwa pami yo 12 etap Tour de France. Sa fè 2 zièm siklis kap kite T Mobil apre Kazakstan Alexander Vinokourov te anonse li pral pedale pou ekip espayòl Liberty Seguros nan fen sezon an.

XS
SM
MD
LG