Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/28/05


Tennis

Jwè tenis Izrayelyen Anna Smahnova kalifye pou kar de final tounwa tenis Grand Prix kap dewoul nan Budapest an Hongri. Smashnova te bezwen 2 match pou l kale Ukrenyen Olga Savchuk 6-0, 6-1 pou l al rankontre ak venkè rankont ant Hongwa Aniko Kapros ak Tchèk Michaela Pastikova. Espayòl Maria Sanchez Lorenzo elimine tchèk Eva Birnerova an 3 manch 6-2, 4-6, 6-2 pou l al rankontre nan kar de final la ak Kwat Jelena Kostanic.

Chanpyon Wimbledon nan ameriken Venus Williams kalifye pou 3 zièm tounwa tenis West Classic la kap dewoule nan Stanford Kalifòni gras ak 2 kout rakèt yo pase Endyen Sania Mirza yè swa 6-3, 6-2. Williams pral rankontre ak Jelena Yankovic ki ranpòte la viktwa devan ameriken Amy Frazier 6-0, 6-3. Swis Patty Schnyder elimine franse Marion Bartoli 6-4, 7-5 men Nathalie Dechy ki se yon lòt franse ranpòte la viktwa devan ameriken Lisa Raymond 3-6, 6-3, 6-4.l̀

Football

Lidè lig football japonè a Kashima Antlers suprann klub footbal angle Manchester United ak yon viktwa 2 a1 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe nan vil Tokyo. Nan lot̀ match amikal Bayern de Munich woule F-C Tokyo 4 a 0 pandan ke Fiorentina danse sou Cerezo Osaka 3 a 0.

Milan A-C kale Chikago Fire 3 a 1 nan kad yon toune entènasyonal klub Italyen an ap pou ankouraje football Ozetazuni. Ekip Milanè a ap mete fen nan toune a Dimanch lè yap rankontre ak Chelsea nan Giant Stadium.

Aswè a nan Landover Maryland Chelsea ap rankontre ak D.C United. Nan Kolonbus Ohio Kolonbus Crew suprann klub Angle Fulham ak yon viktwa 2 a 1 nan kad yon match amikal ki jwe yè swa ant 2 ekip yo. Samdi 30 Juyè Fulham ap rankontre ak yon seleksyon tout vedèt Lig football balonwon ameriken. Nan MLS la New York Metro Stars woule F C Dallas 3 a 2 epi New England Revolution fè match nul 1 a 1 ak Galaksi. Ekip yo ap pran yon repo yon semen avan yo kòmanse 2 zièm mwatye sezon an.

Federasyon Football Entènasyonal la FIFA frape federasyon Meksik la yon amand plis pase 583 mil dola apre ekspulsyon 2 footballè pandan dewoulman koup konfederasyon Almay 2005 la. Federasyon Meksik la te deja detekte Aaron Galindo ak Salvador Carmona te teste pozitif pou uzaj steroyid Nandrolòn men yo pat ekspulse yo nan seleksyon juskasko 22 Jwen lè FIFA te fè tès apre seleksyon an te finn kale Japon 2 a 1 epi Brezil 1 a 0.

Atletisme

Yon delegasyon 4 atlèt ap reprezante Ayiti nan pwochen chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule nan Helsinki an Finland mwa pwochen. Moise Etienne ap kouri nan kous 800 mèt, Nadine Faustin ki sot briye nan yon konpetisyon nan Bahamas ap patisipe nan kous 100 mèt Hè a, Dudley Dorival nan kous 110 mèt Hè epi Ginou Etienne nan 400 mèt Hè.

Doub chanpyon du mond 400 mèt Hè dominiken Felix Sanchez pral defann tit la nan chanpyona du mond Atletis Helsinki a malgre doktè konseye l pou l pran repo. Jamayiken Asafa Powell, detantè rekò du mond 100 mèt figure sou lis delegasyon Jamayik la malgre lap soufri ak blesu. 50 atlèt ap fè pati delegasyon Jamayik la kap patisipe nan prèske tout disiplin. Vanderlei Lima, ki te rate chans pou l te ranpòte meday dò nan Je zolenpik Atè n 2004 yo, ap nan tèt delegasyon 33 Atlèt Brezilyen kap patisipe nan konpetisyon an.

NBA/ Brown

Se jodi a responsab New York Knicks yo ap non-men ofisyèlman Larry Brown kòm antrenè ekip la. Sanble Knicks yo ofri ansyen antrenè Detroit la yon kontra 5 kan ki vo ant 50 a 60 milyon dola. Brown ap pran tèt New York Knicks la ak yon palmarès 33 viktwa 49 defèt pou sezon pase a.

Klike sou ralonj anlè atik sa a pou tande repòtaj espesyal semen sa a ak Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG