Depi lendi, lidè majorite pati politik ki akredite nan peyi Dayiti te kase randevou ak responsab nan leta, reprezantan kominote entènasyonal la ak ekspè nasyonal, nan yon sant ki toupre Pòtoprens, pou yon eksperyans ki nouvo nan anal (istwa) politik Ayiti. Gouvènman tranzisyon Premye Minis Gérard Latortue ap dirije a, t'ap ekspoze bay pwochen lidè nasyon an tout gran dosye li gen nan men n.
Nou mande 2 sitwayen, jounalis/analis politik Clarens Renois ak yon kandida-a-la-prezidans Bonivert Claude, ban nou reyaksyon yo sou woumble sa a.
Seminè sou Gran Dosye Repiblik la posib gras ak konkou Pwogram Nasyonzini pou Devlòpman, PNUD. Li te rasanble divès sektè politik ann Ayiti, pami yo te gen pati Fanmi Lavalas.