Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/25/05


Football

Klub football Japonè Tokyo Verdy ki an difikilte nan chanpyona a suprann Real Madrid ak yon viktwa 3 a 0 nan okazyon yon toune amikal entènasyonal klub espayòl la ap fè sou kontinan Azyatik la. Real ap jwe yon match amikal Mèkredi ak Jubilo Iwata avan li deplase pou l al rankontre ak Tailand nan yon match amikal kap dewoule nan Bangkòk

Federasyon football Entènasyonal la FIFA pase federasyon Kenya lòd pou l jwe pwochen match koup du mond la ak tout pot̀ fèmen kom̀ punisyon violans ki te eklate pandan match kalifikatif koup du mond kont Maròkk̀--yon match ki te fini 0 a 0. An plis de jwe pwochen rankont kont Tunizi ak tout pot̀ fèmen komite FIFA a frape federasyon Kenya a yon amand 19 mil dola. Rapò FIFA endike te gen vyolans avan, pandan e aprè rankont la.

Klub football Italyen Reggina vann mitan teren Shunsuke Nakamura ak klub football Ekosè Celtic Glasgow pou l tounen premye footballè Japonè kap evolye nan lig football Ekosè a. Nouvèl yo pa di konbyen lajan yon vann footballè a.

Seleksyon nasyonal ameriken ranpòte koup dò KONKAKAF la apre li kale Panama sou tir de penalite 3 a 1 apre skò a te nul 0 a 0 apre pwolongasyon. Seleksyon Footbal feminen ameriken woule Iceland 3 a 0 nan kad yon match amikal entènasyonal chofe jarèt ki jwe ant 2 peyi yo nan Los Anjeles.

Isit Ozetazuni D.C. United ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Los Anjeles Galaksi nan Los Anjeles Samdi apre midi nan kad chanpyona nasyonal balonwon ameriken. Kolonbus Crew kale Kansas City Wizard 2 a 0. Kolorado Rapids tronse Chikago Fire 4 a 1. Real Salt Lake toupizi F C Dallas 3 a 0. San Jose Earthquake pat rankontre twòp difikilte pou l kale New York Metro Stars 2 a 1. Nan konferans de Lès la D.C United pataje 3 zièm plas ak Kansas City Wizards ak 29 pwen dèyè Chikago Fire ki gen 36 pwen ak New England Revolution ak 35 pwen.

Tennis

Ameriken Robby Ginepri ranpòte tounwa tenis RCA a ki tap dewoule nan Indianapolis an 3 manch 4-6, 6-0, 3 a 0 devan Taylor Dent ki abandone rankont la akoz chalè ak fatig. Espayòl Anabel Medina Garrigues ranpòte pou yon 2 zièm ane afile tounwa tenis Internasyonal feminen Palerm nan gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan Tchèk Klara Koukalova 6-4, 6-0. Swis Patty Schnyder te bezwen 2 manch pou l kale japonè Akiko Morigami 6-4, 6-0 pou l ranpòte tounwa tenis Cincinnati a.

Atletisme

Kourè Maroken Hicham El Guerrouj pap patisipe nan chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule nan Helsinki nan Findland mwa pwochen an.Cyclisme

Tour de France

Siklis ameriken Lance Armstrong antre nan listwa kòm premye siklis ki ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 7 fwa afile. Armstrong bat konpetitè l yo Italyen Ivan Basso ak alman Jan Ullrich ak 4 minit 40 sekond. Viktwa ki mete fen nan karyè l. " Premye bagay mwen ta renmen di se yon plezi pou m mete fen nan karyè m sou podium sa a ki se yon rèv. Donc ane pwochèn mwen espere Ivan ou byen Jan kapab ranpòte konpetisyon an. Map pran retrèt mwen --suksè a nan men n ane pwochè n." Armstrong deklare devan yon foul ki te mase sou Champs-Elize nan vil Pari.

Armstrong konplete kous la ak yon rekò prèske 42 kilomèt alhè. Msye ranpòte yon total 83 mayo jòn-2 zièm siklis dèyè Bèlj Eddie Mercks ki ranpòte yon total 111. Armstrong pat bliye remèsye tout moun ki kontribue nan viktwa a: "Mwen pa ta kapab reyalize eksplwa sa a san konkou ekip siklis la, yon bon pawonaj Discovery Channel--Pwogram nou an pi bon ke tout lòt yo--meyè antrenè--pi bon mekanisyen-mwen dwe tout bagay. " konklu Armstrong ki te soufri ak maladi Kansè. Prezidan Bush te telephone Armstrong pou felisite l pou non sèlman andurans men tou pèseverans-Li te remèsye òganizatè Kous Bisiklèt Tour de Frans la.

Motocyclisme

Motosiklis Italyen Valentino Rossi ranpòte konpetisyon ki tap dewoule an Grand Bretay devan Brezilyen Alex Barros ak ameriken Kenny Roberts.

XS
SM
MD
LG