Football
Footballè Angle Shaun Wright Phillips pase ekzamen medikal avan li kite Manchester City e siyen kontra 5 kan pou prèske 37 milyon dola ak Chelsea. Se 2 zièm pi gwo transfè Chelsea janm peye pou transfè yon footbalè apre li te peye klub football franse Olenpik de Marseille 42 milyon dola pou transfè atakan Ivwaryen Didier Drogba. Phillips ap patisipe nan toune Chelsea ap fè Ozetazuni- Chelsea gen pou rankontre ak chanpyon MLS la D-C United nan Landover Maryland Jedi 28 Juyè.
Tour de France
Siklis kap patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la kòmanse grenpe dènye etap nan mòn Pyrenee yo nan moman ameriken Lance Armstrong pran tèt klasman jeneral la ak plis pase 2 minit. 156 siklis ap patisipe nan 16 zièm etap la kap kouvri yon distans 180 kilomèt edmi san patisipasyon siklis Swedwa Magnus Backstedt ak Italyen Gianluca Bortolami. 35 siklis subi yon tès sangen avan depar la. Yo tout teste negatif.
Siklis Ostralyen Amy Gillett mouri 5 lòt siklis blese nan yon kolizyon ak yon machin pandan yo tap antrene an Almay. Manmzèl te fè pati ekip siklis Ostralyen ki te patisipe nan koup du mond la an lan 2002 e 2003.
Natation
Ameriken Peter Jurzynski bat yon rekò kòm ameriken ki travèse tunèl ki relye Angletè ak la Frans pandan 12 fwa. Msye kouvri distans 33 kilomèt 33 an 15 zè 30 minit. Britanik Alison Streeter se detantè rekò jeneral la ak yon total 39 travèse.
Divè Kanadyen Blythe ranpòte meday dò nan plonje nan chanpyona du mond natasyon kap dewoule nan Montreal Kanada. Nan tablo meday yo la chin nan tèt klasman jeneral la ak 2 meday dò ak youn an arjan. Almay gen yon lò, yon arjan epi yon bronz, Kanada gen yon lò ak yon arjan.
Softball
Japon ranpòte premyè edisyon koup du mond Softball gras ak yon viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Etazuni nan Oklahoma Citi. Ameriken yo ranpòte 3 meday nan je zolenpik yo. Defèt Etazuni an rive plis pase yon semen depi Komite Olenpik Entènasyonal la elimine softball a pati de je zolenpik yo an lan 2012. Ostrali woule la Chin 7 a 1 pou konsole l ak 3 zièm plas la.
Tennis
Jwè tenis Sud Afriken Wesley Moodie kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Indianapolis la apre viktwa an 2 manch li ranpòte devan franse Jean Rene Lisnard 6-3, 6-3. Msye pral rankontre ak Britanik Greg Rusedski. Tounwa Indianapolis la ap sèvi kòm tounwa chofe jarèt avan tounwa tenis US Open ki se dènye tounwa Gran Shelem pou ane a.
Rus Tatiana Panova suprann bonanj Tchèk Kvta Peschke 6-4, 7-6 nan premye tou tounwa tenis Cincinati kategori feminen.