Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/15/05


Tour de France

Siklis Ostralyen Robbie McEwen ranpòte 13 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la devan konpatriòt li Stuart O’Grady ak ameriken Fred Rodriguez. Ameriken Lance Armstrong konsève mayo jon-nan, donk li toujou nan tèt klasman jeneral la. Demen Samdi a Siklis yo ap kòmanse grenpe mòn Pyrene yo nan okazyon 14 zièm etap la kap kouvri yon distans 220 kilomèt edmi.

Koup Davis

La rusi egalize ak la Frans 1 a 1 nan kad rankont kar de final koup Davis la ki kòmanse jodi a nan vil Moskou . Fransè Richard Gasket kale Igor Andreev an 3 saèt . Rus Nicolaï Davydenko mete seri pat-pou-pat apre vikytwa-l an trois sets (7-5, 6-2, 7-5) sou fransè Paul Henri Mathieu.

Jwè tenis Italyen Tathiana Garbin supran Kwat Jelena Kostanic pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis International kap dewoule nan Modena an Itali--rezulta final la se 6-2, 6-3. Garbin pral rankontre ak yon lòt Kwat Sanda Mamic ki elimine chinwa Yan Zi 6-4, 5-7, 6-3. Lòt ki kalifye pou kar de final la se Italyen Flavia Pennetta ki elimine Rus Elena Vesnina 7-6, 6-2 pou l al rankontre ak Arjanten Mariana Diaz-Oliva ki fè anpil efò avan li kale Slovak Martinza Sucha 2-6, 7-6, 6-3.

Football

Klub football angle Arsenal dakò pou l vann mitan teren seleksyon franse Patrick Viera ak klub Italyen Juventus de Turen pou plis pase 24 milyon dola. Viera te rejte yon òf Real Madrid te fè l ane pase pou lte rete jwen ak Liverpool-yon klub li ede ranpöte chanpyona Angle a an 1998, 2002 ak 2004. Juventus dakò pou l peye 12 milyon dola transfè kounye a--6 milyon an lan 2006 epi lòt 6 milyon an lan 2007. Sao Paolo ranpòte koup Libertadores de Amerika a devan klub Brezilyen Atletico Paranaense ak yon viktwa 4 a 0 nan okazyon match retou a ki jwe yè swa. 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a.

Je Zolenpik

Otorite yo an Itali di peyi kap patisipe nan je zolenpik Divè yo ane pwochèn pap kapab genyen ak yo pwòp ajan sekurite yo. Responsab yo di ni Etazuni ni lòt peyi pap kapab vini ak ajan sekurite yo akoz yo gen mwayen pou garanti sekurite tout atlèt kap patisipe nan konpetisyon an.

Atletisme

Victor Conte, fondatè Laboratwa Balco, ke otorite yo sispèk ki ta distribye steroyid bay yon seri de atlèt jwenn yon aranjman ak otorite la justis yo--aksyon ki evite yon pwosè publik an Septanb. Dapre jounal San Jose Mecury Conte kapab aksepte yon pèn prizon 4 mwa, 2 zan pou l pa tonbe nan oken pwoblèm ak la justis epi yon amand. Antant la ap evite yon seri de atlèt tankout Marion Jones ak jwè baseball Barry Bonds fè deklarasyon publik devan yon gran jury.

XS
SM
MD
LG