Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/14/05


Cyclisme

Siklis franse David Moncoutié selebre jounen priz de la Bastille ak yon viktwa li ranpòte nan 12 zièm etap kous bisiklèt Tour de France la ki kouvri yon distans 187 kilomèt. Malgre viktwa a ameriken Lance Armstrong toujou nan tèt klasman jeneral la ak 38 sekond devan Olandè Michael Rasmussen. Demen Vandredi a siklis yo ap antre nan 13 zièm etap la kap kouvir yon distans 173 kilomèt edmi. Kous la ap fini le 24 Juyè nan vil Pari.

Football/ Almay 2006

Chanselye Alman Gerhard Schroder inogure yè Mèkredi yon ekpozisyon sou footbal ak istwa soti nan Berne an 1954 pou rive nan Berlen 2006--istwa ki palde seleksyon nasyonal la ki ranpòte koup du mond la 3 fwa.

Yon lòt kote responsab Ajans Anti Dròg Mondyal Kanadyen Dick Pound fè konnen refu FIFA pou l aplike sanksyon kòd anti dopaj la kapab debouche sou anulasyon koup du mond Almay 2006 la, dapre deklarasyon li bay ebdomadè spòtif alman Bild. Dapre Dick Pound le fè ke gouvènman alman an aksepte kòd antidopaj sufi pou l di FIFA koup du mond la pap dewoule akoz li pa an liy ak kòd anti dopaj la.

Football

Gras ak yon viktwa 1 a 0 Meksik ranpòte devan Jamayik pèmèt li ranpòte group C a koup dò KONKAKAF la e prepare pou rankontre nan kar de final la ak Kolonbi ki kalifye kòm meyè 3 zièm. Rankont sa a ap jwen Houston, Tekzas 17 Juyè. Nan menm jounen an Afrik du Sud ap rankontre ak Panama. Sud Afriken yo kalifye apre match nul 1 a 1 yo fè ak Gwatemala. Le 16 Juyè Honduras kont Kosta Rika epi Etazuni kont Jamayik nan Gilette Stadium nan Foxboro Massachussetts.

Responsab yo nan Lig Football balonwon ameriken an publiye lis vedèt ki pral patisipe nan match amikal ant pibon pami pibon nan lig la ak klub football angle Fulhham nan Colonbus Ohio le 30 Juyè. Se fanatik yo, dirijan, antrenè ak jwè ki seleksyone patisipan yo.

Klub football Angle Liverpool kòmanse defann tit Lig dè champyon an apre viktwa 3 a 0 li ranpòte devan Total Network Solutions--yon klub peyi dè gal. Steven Gerrard ki vle kite klub la , make tout 3 gòl yo. 2 ekip yo ap rankontre ak Madi pwochen nan match retou a.

Tour de France / Arreste

Responsab yo nan Tour de Frans la akuze ofisyèlman siklis Italyen Dario Frigo apre yo ta jwen 10 dòz dròg entèdi EPO nan machinn madanm li. Si la justis jwenn mesye da m yo koupab pase 3 zan prizon epi peye yon amand 2 fwa la valè pri dròg la sou mache a.

Tennis / Koup Davis

Kar de final koup Davis la ap mete bab pou bab Ostrali kont Arjantin soti Vandredi pou rive Dimanch nan Sidney. Nan vil Moskou la Frans ap rankontre ak la Rusi. Slovaki kont la Oland. Ayiti ap patisipe nan chanpyona judo Sant ak Karayib nan Santo Domingo Republik Dominikè n.

Klike sou ralonj ki anlè atik sa a pou gen plis detay ak Prezidan Konferasyon Karayib Judo a Ernst Laraque Sr.

XS
SM
MD
LG