Daprè korespondan nou Rotchild F. Junior, pòtpawòl lapolis la madam Jessie Cameau Coicou reafime volonte lapolis pou konbat bandi yo e li mande pou popilasyon ayisyèn nan kolabore ak lapolis.
Pandanstan, nouvèl ki sòti nan plato santral la fè konnen yon kandida kòmanse mennen kanpay li nan zòn nan, nan kad eleksyon ki fikse pou fen ane ann Ayiti, swivan yon repòtaj korespondan nou Jean-Christophe Collègue depi Mirebalais.
Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou aktyalite a ann Ayiti pou mèkredi 13 jiyè 2005 la.