Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/7/05


Tour de France

Siklis Italyen Lorenzo Bernucci ranpòte 6 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri yon distans 199 kilomèt anba yon gwo la pli. Ameriken Lance Armstrong, ki fini an 32 zièm pozisyon, toujou nan tèt klasman jeneral la ak 53 sekond. Siklis yo ap travèse fwontyè demen Vandredi a pandan 7 tièm etap la lè ploton an ap kouvri 228 kilomèt edmi ant Luneville ak vil alman Karlsruhe. Kous la ap fini 24 Juyè nan vil Paris.

Football

Panama kale Kolonbi 1 a 0 pandan ke Trinidad and Tobago fè match nul 1 a 1 ak Honduras nan kad premyè jounen koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni. Seleksyon ameriken an ap rankontre ak aswè a ak Kuba nan Seattle Washington pandan Kanada pral mate balon fas a Kosta Rika nan group B a. Group C a ap antre nan won demen Vandredi nan Kalifònni kote chanpyon sòtan an Meksik ap rankontre ak Afrik du Sud epi Gwatemala fas a Jamayik. 2 premye nan chak group plus 2 meyè 3 zièm ap kalifye pou kar de final la ki se faz dechoukaj. Meksik ranpòte koup dò KONKAKAF la 4 fwa aloske Etazuni ranpòte konpetisyon an 2 fwa.

Londres / Explosion

Komite Olempik Entènasyonal di li gen anpil konfyans otorite yo nan vil Lond pral kapab garanti sekurite pandan dewoulman Je zolenpik dete 2012 yo. Anons sa a fèt kèk èd-tan apre eksplozyon yon seri de atak sekwe vil Lond. Responsab komite Olenpik vil Lond la di plan ki te sou pye pou selebre deziyasyon vil la pou òganize je anule.

Komite Olenpik Entènasyonal la ekspulse Bulgar Ivan Slavkov nan komite a pou move konduit an koneksyon ak deziyasyon vil Lond kòm syèj pou òganize je yo an lan 2012. 82 manb komite a vote an favè ekspulsyon an, 12 vote kont epi 5 abstenu yo pandan odisyon espesyal la ki dewoule nan Sengapour. Msye Slavkov te defann tèt li men pat sufi pou l konvenk manb Komite a. Desizyon an vle di Slavkov ap pèdu pòs prezidan komite Olenpik Bulgar la. Ansyen manb komite Olempik la tap purje yon suspansyon depi je olenpik Atè n 2004 yo apre deklarasyon li te fè nan yon pwogram televizyon kote li di manb komite Olempik Entènmasyonal la te pare pou aksepte kout lajan anba tab pou asure vwa yo an favè kandidatu vil Lond. Yè Mèkredi a manb komite a te 54 vwa pour 50 vwa kont an favè vil Lond.

Tennis

Chilyen Nicolas Massu kalifye pou kar de final tounwa tenis Allianz Swis la kap dewoule nan Gstaad an Swis. Massu te bezwen 3 manch pou l kale Tchèk Jan Hernych 7-5, 2-6, 6-4. Massu pral rankontre ak Peruvyen Luis Horna ki pat rankontre twòp difikilte pou l kale Italyen Alessio Di Mauro 6-3, 6-4.. Lòt jwè ki kalifye pou kar de final la se Italyen Potito Starace ki pral rankontre ak Woumen Razvan Sabau. Venkè tounwa a ap foure nan pòch li anviwon 70 mil dola.

Chanpyon Roland Garos la Espayòl Rafael Nadal ak konpatriòt li Juan Carlos Ferrero kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Swèd la. Nadal te bezwen 2 manch pou l debarase l de konpatriòt li Albert Martiin. Ferrero bò kote pa l elimine konpatriòt li Guillermo Garcia- Lopez 6-3, 6-4.

Klike sou lyen an lè atik sa a pou tande repòtaj espesyal sou vil kap òganize je zolenpik dete 2012 yo avèk Jean Robert Philippe

XS
SM
MD
LG