Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/04/05


Tennis

Swis Roger Federer leve kontan maten an apre li ranpòte tounwa tenis Wimbledon nan pou yon 3 zièm ane afile. Federer kale ameriken Andy Roddic pou yon 2 zièm fwa nan final la 6-2, 7-6, 6-4. Ak viktwa Federer ajoute nonn kòm 3 zièm jwè tenis ansanm ak ameriken Pete Sampras ak Swedwa Bjong Borg ki ranpòte konpetisyon an 3 fwa afile depi 1936. Federer ranpòte 5 kièm tit Gran Shelem li. Bo` kote meda-m ameriken Venus Williams ranpòte tounwa a pou yon 3 zièm fwa apre li kale konpatriòt li Lindsay Davenport 4-6, 7-6, 9-7 nan yon rankont ki te dure 2 zhè-45 minit.

2012 Olympics

Premye Minis Britanik la Tony Blair rive nan Sengapour kote li pral mennen kanpay pou konvenk Komite Olenpik Entènasyonal la pou chwazi vil Lond pou òganize je zolenpik dete yo an lan 2012. Prezidan Franse a Jacques Chirak--Rèn Sofia ak Premye Minis Espayòl Jose Luis Rodriguez Zapatero, Majistra vil New York la Michael Bloomberg pral plede an favè Pari, Madrid, New York, ak Moskou. Senatè ameriken Hilary Rodham Clinton ak Premye Minis Rus Mikhael Fradkov, Mohammad Ali footbalè angle David Beckham ak basketè franse Tony Parker ap prezan Mèkredi jou Komite Olenpik Entènasyonal la ap anonse vil kap òganize je yo an lan 2012.

Komite Olenpik Entènasyonal la retire ofisyèlman meday dò chevalye Irlandè Cian O’Conor te ranpòte pandan je zolenpik Atèn 2004 yo apre cheval la te teste pozitif pou dròg. Kounye meday dò a pral jwen Brezilyen Rodrigo Pessoa, meday darjan an pral jwen Ameriken Chris Kappler ak epi Alman Marco Kutscher ap konsole l ak meday de bronz la. Prezidan Komite Olempik Entènasyonal la prale pèsonèlman O Brezil pou l prezante meday d’ò a bay brezilyen an Rodrigo Pessoa.

Equestre

Espay ranpòte meday dò nan football ak Waterpolo nan je Mediterrane yo ki tap dewoule nan Almeria an Espay. Espay kale Turki 1 a 0 pou l ranpòte konpetisyon football la. Nan tablo meday yo, Itali ranpòte 57 dò meday, la frans fini ak yon total 56 epi Espay fini an 3 zièm pozisyon ak yon total 45. Vil Italyen Pescara ap akeyi pwochen Je Mediterrane yo kap dewoule an lan 2009.

Tour de France

Kous bisiklèt Tour de Frans la rapousib jodi a lè siklis yo ap kouvri yon distans 212 kilomèt. Ameriken David Zabriskie toujou nan tèt klasman jeneral la. Ameriken Lance Armstrong kap chache yon 7 tièm tit afile, klase 2 zièm ak 2 sekond.

XS
SM
MD
LG