Accessibility links

Breaking News

Etazini pa di Si L’ap Voye Sòlda ann Ayiti


Gen plizyè reyaksyon ki parèt ann Ayiti sou kesyon asavwa si Etazini pral voye troup vinn ede lite kont ensekirite a. Reyaksyon sa yo parèt aprè sekretè jeneral LNU an Kofi Annan te mande sekretè deta ameriken an Condoleezza Rice pou Etazini voye Marines al mete lòd ann Ayiti, paske ayisyen yo respekte sòlda ameriken yo.

Nan yon entèvyou anbasadè ameriken ann Ayiti James Foley bay korespondan nou Rotchild F. Junior, Msye Foley pa di si Etazini pral voye Marines ann Ayiti. Sepandan li deklare Etazini pral kontinye ede pèp ayisyen an.

Klike sou lyen anlè a pou plis nouvèl nan aktyalite a ann Ayiti pou jounen vandredi premye jiyè a.

XS
SM
MD
LG