Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/1/05


Football

Federasyon Football Entènasyonal la FIFA entèdi klub premyè divizyon Italyen pou l pa achete oken jwè pandan yon lane. Desizyon an pran apre transfè footbalè franse Philippe Mexes ki te konn jwe nan Auxerre--yon transfè ki te fè pale anpil. Mexes resevwa yon suspansyon 6 semen pou tèt li siyen akò ak klub Italyen an. FIFA mande pou A S Ròm peye klub franse a 9 milyon 600 mil dola kontrèman ak prèske 5 milyon 400 mil dola klub Italyen an te ofri Auxerre ane pase pandan negosyasyon an. Auxere te mande 21 milyon 600 mil dola pou transfè defansè a. Yon pòt pawòl AS Wòm fè konnen posibilite pou klub la ale an apèl ak desizyon an.

Responsab yo nan Real Madrid anonse dat yo pral jwe yon seri de match amikal chofe jarèt Ozetazuni, Japon, la Chin ak Tailand pandan 16 jou. Real Madrid ap kòmanse toune 16 jou a kont klub Meksiken Chivas nan Chikago le 16 Juyè avan li rankontre ak Los Anjeles Galaksi le 18 Juyè. Klub la ap mete tèt pou la Chin kote li pral rankontre ak klub Beijing Guoan le 23 Juyè. Madrilèn yo ap kase yon koub pou ale O Japon pou rankontre ak klub Tokyo Verdy le 25 ak Jubili Iwata le 27 Juyè. Madrilèn yo ap mete fen nan toune a nan Bankok Tailand kote yap rankontre ak yon seleksyon tout vedèt le 29 Juyè.

Tennis

Swis Roger Federer kalifye pou final tounwa tenis Wimbledon nan apre viktwa an 3 manch li ranpòte devan Ostralyen Lleyton Hewitt 6-3, 6-4, 7-6. Federer ap rankontre Dimanch ak venkè lòt semi final la kap dewoule ant ameriken Andy Roddick ak Swedwa Thomas Johansson Bò kote meda m yo ameriken Lindsay Davenport kalifye pou final la apre viktwa an 3 manch li ranpòte devan franse Amelie Mauresmo 6-7, 7-6, 6-4 pou l al rankontre ak konpatriòt li Venus Williams. Venus elimine chanpyon sòtan an Rus Maria Sharapova..

Olympic 2012

Responsab komite Olempik Entènasyonal la Jacque Rogge espere ap gen yon maj tou mens kap separe vil ki seleksyone pou òganize je zolenpik yo an lan 2012 ak lòt vil kandida o. Msye Rogge deklare Pari, Lond, Madrid ak Moskou ak New York kreye anpil enpresyon sou komite seleksyon an. Responsab yo fè konnen vil kandida yo gen kapasite pou òganize evenman yo. Komite a bezwen yon total 115 vwa an favè vil kap akeyi konpetisyon an. Yon vil ap elimine nan chak tou toutotan pa gen yon vil ki resevwa kantite 115 vwa nesesè yo.

Atletisme

Kous 110 mèt Hè ap nan sant aktyalite Week end sa a nan okazyon kous Atletis Golden League la kap dewoule nan vil Pari an Frans. Chanpyon 4 fwa ameriken Allen Johnson pral na yon duèl ak meday dò Olenpik chinwa Liu Xiang epi franse Ladji Doucoure chanpyon Europeyen 60 mèt obstak la. Bò kote meda- m yo nan kous 110 mèt Hè a kapab pi chofe ant franse Christine Arron, ameriken Latasha Colander ak Bahameyen Chandra Sturrup. Nan kous long distans la nou gen Etyopyen Kenenisa Bekele nan kous 5 mil mèt. Kous 100 mèt la pap gen patisipasyon ameriken Justin Gatlin ak Jamayiken Asafa Powell akoz yap antrene pou yon duèl ki pral dewoule mwa pwochen an nan Crystal Palace nan vil Lond.

Cyclisme / Armstrong

Siklis ameriken Lance Armstrong pral dèyè yon 7 tièm tit afile lè lap patisipe nan 92 zièm edisyon kous Bisiklèt Tour de Frans la kap kòmanse demen Samdi 2 Juyè a pou fini le 24 Juyè na Champs Elyzee nan vil Pari apre li finn kouvri 19 etap. Armstrong deja fè konnen lap pran retrèt li apre evenman sa a.

XS
SM
MD
LG