Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/30/05


OLYMPICS

Prezidan Rus la Vladimir Putin pap pami chèf deta ak gouvènman nan Sengapour lè Komite Olenpik Entènasyonal la ap anonse vil kap òganize je zolempik dete yo an lan 2012. Se Premye Minis la Mikhail Fradkov kap nan tèt delegasyon an ansanm ak majistra vil Moskou a Yury Luzhkov ak vis prezidan an Komite Olenpik Rus la Vitaly Smirnov. Prezidan Franse a Jacques Chirac, Premye Minis Britanik la Tony Blair ak prezidan Espay la Jose Luis Rodriguez Zapatero prale nan Sengapour pou kore efò kap fèt pou vil yo reprezante a akeyi konpetisyon an. Anons la ap fè Mèkredi pwochen.

Football

Fanatik Brezil pase tout nwit la ap selebre rakle 4 a 1 seleksyon an sot ranpòte devan Arjantin nan koup Konfederasyon Almay 2005 la. An Ayiti fanatik arjanten yo poko kapab dijere defèt sa a si n konpran deklarasyon

Almay kale Meksik 4 a 3 an pwolongasyon pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Defansè Alman Michael Hanke ap rate premye match koup du mond Almay 2006 la apre katon wouj li te pran pandan rankont Almay ak Meksik la. Dapre regleman FIFA tout jwè ki ekspulse pandan yon rankont ofisyèl dwe rate pwochen match ofisyèl seleksyon Nasyonal la. Adriano kap jwe nan Inter de Milan kourone kòm meyè jwè tounwa a e kòm meyè butè.

Komite òganizatè koup du mond Almay 2006 la sèvi ak tounwa a pou l pote kèk koreksyon nan enstalasyon spòtiv yo. Pa ekzanp avan chak match otorite gen analize enfòmasyon yo kolekte sou fanatik yo, aktivite chak seleksyon apre yo disitribue l bay otorite lokal yo. Youn nan pwoblèm ki merite rezoud se ka kote fanatik anvayi teren an pandan yon rankont. Otorite dwe repare kouvètu stad la ki te koule pandan yon gwo plan. Stad yo te ranpli a 85 pou 100--swa plis pase 38 mil fanatik par rankont.

Footbalè Brezilyen Ronaldo fè konnen li pap retounen jwe nan yon klub O Brezil e ke lap fini karyèl nan Real Madrid. Nap raple Ronaldo te jwe nan klub Cruzeiro Belo Horizonte kote karyè pwofesyonèl li te lanse a 15 zan. Yon lòt kote vedèt brezilyen Robinho estime moman an rive pou l kite Santos epi ale jwe nan Real Madrid ki enterese peye yon 25 milyon dola pou l vinn jwe nan ekip la. Robinho poko kapab konprann pou ki rezon Santos mande 50 milyon dola pou transfè a se rezon ki fè pral rakontre ak prezidan klub la Marcelo Teixeira. Robinho, ke ravisè te kidnape sa gen plis pase yon mwa, di transfè a non sèlman ap pou avni l pou sekurite manb fanmi l tou. Koup Konfederation

Mitan teren Sebi ak Montenegro Mateja Kezman ap kite klub Angle Chelsea pou l al jwe nan klub Espayòl Atletico de Madrid. Kontra a vo 10 milyon 900 mil dola plis lajan Chelsea te peye PSV Eindoven ane pase pou transfè ane pase. Ansyen atakan Partizan de Belgrand la make 105 gòl pou PSV Eindovhen depi lan 2000 men li sèman make 4 gòl pandan 24 match pou Chelsea. Atakan Kamerounè Samuel Eto’o pwolonje yon kontra 5 kan pou l kontinye jwe nan FC Barselòn juskan 2010. Msye ap resevwa anviwon 6 milyon dola chak ane.

Isit Ozetazuni D.C. United tonbe 4 a 3 devan Chikago Fire nan Chikago nan kad chanpyona premye divizyon ameriken an. Abit la akòde yon total 3 penalite nan rankont la.

Tennis /Wimbledon

Se jodi a semi final tounwa tenis Wimbledon nan ap dewoule nan kategori feminen an lè ameriken Lindsay Davenport ap rankontre ak franse Amelie Mauresmo epi chanpyon sòtan an Rus Maria Sharapova ap rankontre ak ameriken Serena Williams.

La justis Sud Koreyen libere Kim Un-yong, yon ansyen manb Komite Olempik Entènasyonal ki te kondane pou tèt li te depanse 3 milyon 200 mil dola lajan federasyon Taekwondo li tap dirije. Msye te anba akuzasyon li ta depanse lajan an nan kanpay li tap men-nen pou l te vinn prezidan Komite Olempik Entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG