Sou-sekretè jeneral Nasyonzini pou operasyon mentyen lapè yo, Jean-Marie Guéhenno, di Ayiti preske rive nan limit pou l’kapote. Mwenske 100 jou sèlman anvan eleksyon yo dewoule, tout moun ap mande èske ayisyen yo ka kraze sèk vyolans sa a ak echèk politik ki la depi lontan e ki fè peyi yo a vin tounen peyi ki pi pov nan emisfè oksidantal la.
Msye Guehenno, ki fèk retounen nan L’ONU aprè yon virewon 5 jou annAyiti predi menmsi eleksyon yo bay yon nouvo gouvènman, Ayiti pral bezwen gwo asistans etranje ak sòlda etranje pou mentni lapè, pandan plizyè lane. Kòmantè sitwayen fransè sa a rive nan moman ravisè kontinye ap mete men sou moun pou egzije ranson nan men paran yo nan Pòtoprens. Klike sou ralonj la pou plis detay.