Plizyè milye fidèl ak envite te rasanble nan Katedral Maniy la jodi a kote yo rann yon dènye omaj pou Kadinal Katolik Women Jaime Sin. Yo antere Prela a ak onè e distenksyon ofisyèl.
Nan prèch Achevèk Gaudencio Rosales delivre nan okazyon fineray sa a jodi a, li deklare peyi Filipin dwe pousuiv rèv Jaime Kadinal Sin ki te toujou swete wè konpatriyòt li yo viv nan libète ak entegrite.
Jaime Kadinal Sin te jwe yon gwo wòl nan dechoukaj 2 prezidan: diktatè Ferdinand Marcos an 1986 ak Prezidan Joseph Estrada an 2001. Li mouri 22 jen pase a a 76 an, apre 30 an karyè. Fè klik sou ralonj la pou w ka tande repòtaj nou an.