Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kolonbyen an Vizite Zòn kote 25 Sòlda te Mouri nan Weekend nan


Prezidan kolonbyen an, Alvaro Uribe, vizite zòn kote batay te marye ant rebèl gochis yo ak sòlda gouvènman an nan weekend nan, batay ki fè 19 mò pami militè yo. Sa te rive toupre fwontyè peyi Ekwatè.

Msye Uribe ale tou sou anplasman konba ki te fè 6 mò pami sòlda yo toupre fwontyè Venezuela, nan menm peryòd la. Prezidan Alvaro Uribe deklare yè lendi a “sèvis ransèyman nou yo te fè erè e pat gen kowòdinasyon ant sektè ki tap mennen operasyon yo ak sektè ki gen ransèyman sekrè yo.”

Prezidan kolonbyen an kontinye pou l’di li pral pale semèn sa a ak tokay ekwatoryen ni an pou yo anpeche rebèl FARC yo (Fòs Ame Revolusyonè Kolonbi) kache ann Ekwatè, toupre fwontyè a.

XS
SM
MD
LG