NBA
Se jodi a nan Madison Square Garden nan New York tiraj osò pou seleksyone nouvo venu nan NBA ap demare. Ostralyen Andrew Bogut, kap jwe nan Univèsite Utah, kapab seleksyone jwè numewo 1 e Milwaukee Bucks kap gen chwa fè premye seleksyon an. Milwaukee te fini sezon ak pi move rekò swa 30 viktwa 52 defèt. Atlanta Hawks ki te fini sezon an 16 viktwa 69 defèt kapab chwazi Marvin Williams nan 2 zièm seleksyon an. Williams se yon atakan ki soti nan Univèsite North Carolina. Gen 3 franse kap pran chans yo pou antre nan NBA a.
Detroit Cavaliers non-men Danny Ferry kòm nouvo manager ekip la. Msye pral gen pou misyon pote koreksyon nesesè pou remonte moral jwè yo apre ekip la pat kalifye pou faz final NBA a. Cavaliers yo fini sezon an ak42 viktwa 40 defèt. Responsab yo non-men Mike Brown kòm nouvo antrenè Cleveland Cavaliers.
Football
Jodi Madi a Brezil ap kontre ak Arjantin nan kad kar de final chanpyona du mond Juniò kap dewoule nan la Oland. Lòt semi final la ap mete bab pou bab Maròk kont Nijerya. 2 venkè yo ap rankontre an final le 2 Juyè pandan ke pèdan yo ap jwe yon match konsolasyon.
Peyi ki ranpòte koup konfederasyon FIFA a pa janm ranpòte koup du mond la -se yon move nouvèl pou Brezil ki gen pou rankontre ak Arjantin nan final la demen Mèkredi a nan Franckfurt an Almay. Arjantin ki te ranpòte premyè edisyon an an 1992 te elimine nan 8 tièm de final koup du mond ki te dewoule Ozetazuni an 1994. Danmak te ranpòte edisyon 1995 te fè wout krochu nan kar de final koup du mond Frans 98 la. Meksik ki te ranpòte edisyon 1999 la te elimine nan 8 tièm de final koup du mond Japon/Kore du Sud la an la 2002. La Frans ki te ranpòte edisyon 2001an te elimine depinan premyè tou koup du mond 2002 a. Eske done pral chanje?
Real Madrid bay Santos yon ultimatum juko 8 Juyè pou l aksepte òf transfè 20 milyon edmi dola pou footbalè Brezilyen Robinho vinn jwen nan klub Europeyen an. Santos mande 50 milyon dola pou liberasyon jwè a. Siklis ameriken Lance Armstrong fè konnen li pral dèyè yon 7 tit afile lè lap patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la ane sa a avan li pran retrèt li.