Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plis Sektè Leve Lavwa Kont Ensekirite a


Nouvèl ki soti toupatou nan peyi d Ayiti fè wè gen yon vag kritik kont otorite yo (ni gouvènman, ni lapolis, ni MINUSTAH) pou fason yo kite fenomèn ensekirite a ap vale teren. Gen divès analis ki kwè eleksyon yo kapab oblije ranvwaye si pwoblèm sa a pa jwenn yon solisyon vit-e-prese.

Pandansetan, yon responsab Fanmi Lavalas nan rejyon Nò a (Maurice Jn-Charles) rejte akizasyon ki di pati ansyen prezidan Aristide la ta tranpe nan zafè kidnapping nan. Anmenm tan, li kritike lidè Lavalas nan kapital la ki siyen yon akò ak lòt manm klas politik la sou konduit yo anvan, pandan e apre pwochen eleksyon yo.

Gen plizyè lòt pwen nan aktyalite ayisyèn nan. Klike sou ralonj anlè paj la pou w' ka tande yon ti ranmase.

XS
SM
MD
LG