Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/22/05


NBA

Detroit Pistons fòse yon 7 tièm match apre li kale San Antonio Spurs 95 a 86 yè swa. Dènye match la fikse pou demen toujou lakay San Antonio pou detèmine chanpyon nasyonal pou sezon an.

Asosyasyon propriyetè klub basketball yo ansanmak sendika jwè yo jwen yon antant pou yon nouvo kontra travay pandan 6 zan juskavan ekspirasyon kontra aktuèl le 30 Jwen. Nouvo kontra a fikse a 19 van laj yon debutan kapab fè pati lig la. Kontra a ogmante plafon salè jwè yo ak aplikasyon yon nouvro program tès dròg.

Football

Jodi a se lanmò ou la vi nan koup Konfederasyon Almay 2005 la lè Brezil ap rankontre ak Japon pou detèmine dènye tikè ki disponib pou semi final konpetisyon-an. 2 ekip yo gen 3 pwen yo chak men brezilyen yo gen yon avantaj gòl diferans--yon match nul an favè Brezilyen yo. Se yon rankontre prestij ant 2 antrenè Brezilyen--Carlos Alberto Parreira nan tèt chanpyon du mond 5 fwa epi brezilyen Zico nan tèt seleksyon Nippon an.

Yè Madi a Almay fè match ak Arjantin 2 a 2--2 ekip yo te deja kalifye ansanm ak Meksik kap rankontre ak la Grès jodi a. Tunizi kale Ostrali 2 a 0. Nan semi final la, kap kòmanse Samdi, Almay kapab rankontre ak Brezil, Japon ou byen Meksik. Final la fikse pou Mèkredi 29 Jwen nan Franckfurt.

Seleksyon Juniò Etazuni ap retounen nan peyi l apre Itali elimine yo 3 a 0 nan koup du mond Juniò kap dewoule nan la Oland. Italyen yo pral rankontre ak Maròk ki elimine Japon ak yon viktwa 1 a 0. Brezil ap rankontre ak Almay ki elimine la Chin 3 a 2.

XS
SM
MD
LG