Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Yon Gwoup Dwazimen Kritike Gouvènman Ayisyen an


Daprè yon rapò Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDDH) pibliye nan Pòtoprens, pandan peryòd Mas 2004 rive Avril 2005, mil moun ta pèdu lavi yo an Ayiti nan zak vyolans, tandiske dega materyèl yo monte rive 2 milyon dola. Korespondan nou Jean Pierre Leroy gen detay.

Reyaksyon kontinye ap parèt sou demisyon minis jistis la Bernard Gousse. Nan rejyon Bazatibonit la, klas politik la ak gwoup defans dwa moun yo genyen reyaksyon negatif aprè demisyon minis jistis la, Mèt Bernard Goussse, ki daprè yo, ta pran desizyon an sou divès kalte presyon. Korespondan nou nan Sen Marc Galilé Périlus eksplike.

Toujou nan Depatman Latibonit la, divès sektè ap plenyen pou di responsab Konsèy Elektoral la ta dwe pran dispozisyon pou debloke yon sitiyasyon kote majorite elektè potansyèl yo poko kapab al fè kat elektoral yo, paske pa gen ase biwo pou sa. Yon lòt kote, korespondan nou nan Gonayiv, Duc Jontahan Joseph, fè n konnen sektè sa yo lonje dwèt sou yon gwo mank sekurite pou operasyon enskripsyon an.

XS
SM
MD
LG