Football
Balon pral woule jodi a nan rejyon an lè Etazuni pral lakay Panama. Meksik ap akeyi Trinidad and Tobago epi Gwatemala kont Kosta Rika.
La tè pral tranble jodi a nan Buenos Aieres lè seleksyon Arjantin nan ap rankontre ak Brezil yon match ki enpòtan pou 2 ekip yo. Arjantin gen 28 pwen pandan ke Brezil gen 27 pwen. Ekwatè ki sot kale Arjantin gen pou rankontre ak Kolonbi.Chili ap akeyi Venezuela. Paragwe ap akeyi Bolivi ki an dènye pozisyon nan group. Sou kontinan Afriken an Antrenè Senegal la, Guy Stephane rekonvoke nan seleksyon Habib Beye ak Lamine Diatta ki pat patisipe nan rankont kont Kongo akoz yo te an reta apre yo te finn jwe yon match de charite an Frans. Senegal ki an 2 zièm pozisyon nan group la ap rankontre ak Togo le 18 Jwen. Venkè chak group yo ap kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la.
Olympics
Asosyasyon Federasyon Entènasyonal je zolenpik dete yo reyuni durjans pou deside fason pou konvenk manb komite olenpik entènasyonal la pou yo kenbe tout 28 disiplin spòtif yo fas a posibilite pou yon lese tonbe yon seri de disiplin.