Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Jounen Laprès nan Boston


Sou inisyativ HAMAM, Asosyasyon Media Ayisyen-Ameriken nan eta Massachusetts, an kolaborasyon ak Legliz Advantis Golgotha nan Boston, plizyè aktivite te anonse, nan weekend ki sot’ pase a, selebrasyon Jou Entèrameriken Laprès, jodi 7 jen an. Seremoni relijyez samdi maten, seminè fòmasyon nan apremidi, e yon sware gala ak remiz pri dimanch swa. Oswald Neptune se prezidan HAMAM. Li di li satisfè pou repons kominote a e li espere kolaborasyon sa a pral debouche sou yon asosyasyon ki djanm, pou benefis media yo ak moun y'ap sèvi nan zòn Boston.

Jounalis ki te prezan yo gen reyaksyon pozitif sou evènman sila a. Julio Midi travay pou Info-Haiti.Net ak Radio Concorde. Li di nou malgre divèjans ki egziste, fòk jounalis ak animatè pwogram radyo yo mete tèt yo ansanm pou amelyore kalite ak kondisyon travay yo.

Se premye pwogram HAMAM lanse pou make prezans li sou sèn nan nan Boston, malgre li te fonde sa gen anviwon twazan, men msye Neptune di sa pap rete la.

Pami envite spesyal weekend laprès sa a nan Boston, te gen Nancy Roc (Radio Métropole, Ayiti), Pierre Emmanuel (Radio Haiti, ki soti Kanada), Chérubin Dorcil (VOA, Washington, ak Agapê Communications Center), Marcus Darbouze (Boston), Marcus Plaisimond (Boston), ak plizyè lòt pèsonalite. Nou ka tande plis si nou klike sou ralonj (lyen) ki anlè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG