Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/7/05


NBA

Detroit Pistons pral defann tit chanpyon nasyonal NBA lè lap rankontre ak San Antonio Spurs nan seri 7 rankont pou detèmine nouvo chanpyon pou sezon an. Detroit elimine Miami Heat 88 a 82 nan okazyon 7 tièm e dènye rankont konferans de Lès la. Final la ap demare Jedi lè San Antonio ap akeyi Detroit.

Olympics 2012

Rèv responsab New York genyen pou yo ta akeyi je zolempik yo an lan 2012 kapab pa reyalize apre yon manb enfluyan nan komite eta a pa aprouve plan 300 milyon dola pou konstrui yon stad football--yon pyès enpòtan nan kandidatu vil la.--Prezidan asanble a Sheldon Silver abstenu l. Komite a kapab pran desizyon pou revote ou byen renegosye plan konstruksyon stad la.

Athletisme

Tribunal Abitraj Spòtif la nan vil Lauzann tande depozisyon atlèt ameriken Tim Montgomery sou kesyon dopaj--Desizyon an ap anonse nan fen Juyè. Si otorite yo jwen Montgomery koupab, li kapab resevwa yon suspansyon avi.

XS
SM
MD
LG