Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/6/05


Jezolenpik 2012

Komisyon evaluasyon Komite Olenpik Entènasyonal bay Vil Paris ki kandida pou òganize je zolenpik yo an lan 2012. Komite a publiye yon rapò 123 paj swa yon mwa avan yo anonse vil òganizatè a. Yè Dimanch la, vil Pari te raòganize yon kokenn banbòch spòtif sou Champs-Elysees a pou konvenk komite Olempik Entènasyonal la pou ba yo dwa pou òganize konpetisyon an. Komite Olenpik Entènasyonal ap anonse vil òganizatè a le 6 Juyè nan Sengapour. Lòt vil kandida yo se Londre, New York, Moscou ak Madrid.

La Chin lanse yon pwogram pou l rekurite volontè ki pral travay pandan dewoulman je zolenpik yo an lan 2008. Non sèlman rekrutman yo ap fèt pami etudyan univèsitè yo men tou rezidan nan Hongo Kong, Macao ak Taiwan kapab pami volontè yo.

NBA

Balon pral mate aswè a nan Miami nan okazyon match de baraj final Konferans de Lès la ant Miami Heat ak Detroit Pistons pou 7 tièm e dènye rankont pou detèmine ekip ki pral rankontre ak San Antonio Spurs nan seri 7 match final nasyonal la. Samdi pase Detroit de demantibile Miami Heat 91 a 66 pou egalize seri a 3 viktwa patou

Tennis

Adolesan Espayòl Rafael Nadal ranpòte tounwa TEnis Roland Garos la apre li kale revelasyon tounwa a Arjanten Mariano Puerta ki pat tèt de seri 6-7, 6-3,6-1, 7-7. Bèlj Justine Henin Hardenne ranpòte kategori feminen an apre li kale franse Mary Pierce.

Yon lòt kote òganizatè tounwa Gran Shelem franse ak Etazuni di yo espere jwen yon desizyon pou konnen si wi ou non tounwa a ta dwe demare yon jou alavans. Òganizatè yo kwè debute tounwa a pandan yon week end ap pèmèt plis fanatik vinn asiste rankont yo epi ogmante kantite lòt kap asiste rankont yo nan televizyon. Franse yo di yo ta renmen debute tounwa Roland Garos la yon Dimanch an 2006 pandan ameriken yo vle debute l yon Lendi an 2006. Òganizatè yo dwe negosye ak òganizatè tounwa ATP ak WTA yo sou konfli ki kapab genyen nan tounwa kap dewoule avan debu tounwa Gran Shelem sa yo.

Koup du Mond

Nan Konkakaf la Etazuni kale Kosta Rika 3 a 0, Meksik woule Gwatemala 2 a 0 epi Trinidad and Tobago suprann Panama 2 a 1 nan kad match kalifikatif koup du mond football Almay 2006. Match kalifikatif yo rapousib Mèkrèdi 4 Jwen lè Etazuni pral lakay Panama, Kosta Rika ap akeyi Gwatemala epi Meksik ap akeyi Trinidad and Tobago. Ekip ki ranpòte 6 viktwa pa ekzanp ak gen tikè l pou koup du mond la kap dewoule an Almay nan mitan ane 2006 la.

An Europe La Rusi, Ukrèn, Portugal ak Kwasi ranpòte la viktwa. Portugal pran tèt group 3 apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Slovaki.

Sou kontinan Afriken an Togo, Afrik du Sud, Kot Divwar, Nijerya, Angola ak Maròk nan tèt group kontinan. Se sèlman venkè 5 group yo kap kalifye. An Amerik du Sud Brezil woule Paragwe 4 a 1 nan kad match kalifikatif koup du mond Almay 2006 pou zòn Amerik du Sud la. Ronaldinho make 2 penalite. Viktwa mete Brezil ak yon pwen dèyè Arjantin ki pèdu 2 a 0 devan Ekwatè nan Kito Samdi. Arjantin ap rankontre ak Brezil Mèkredi nan Buenos Aieres. Kolonbi van-nen Peru 5 a 0. Venezuela fè match nul 1 a 1 fas a Urugwe. Chili woule Bolivi 3 a 1. Mèkredi an plis de Brezil kap rankontre ak Arjantin Chili ap jwe kont Venezuela.Kolonbi kont Ekwatè, Paragwe kont Bolivi epi Peru kont Urugwe.

Footballè Brezilyen Kaka anonse entansyonn pou l marye ak etudyan Brezilyen Caroline Celico apre 13 zan depi yap soti ansanm. Manmzèl ap gen 18 tan ane pwochèn.

Athletisme

Kourè Grèk Katerina Thanou fè depozisyon devan komisè gouvènman an jodi-a an koneksyon ak akuzasyon kòm kwa li ta evite fè yon tès dròg pandan dewoulman je zolenpik Atèn 2004 yo. Antrenè a Christo Tzekos te reponn prezan tou. Otorite yo akuze 12 lòt konplis pami 7 doktè pou tèt yo te fè fo deklarasyon bay otorite yo. Si otorite yo jwen akuze yo koupab yo kapab pase 2 zan nan prizon. Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal suspann pwovizwaman Kenteris ak Thanou depi Desanm

XS
SM
MD
LG