Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/03/05


Tennis

Arjanten Mariano Puerta kalifye pou final tounwa tenis Roland Garos la. Msye elimine Rus Nikolay Davydenko nan yon 5 sèt maraton : 6-3, 5-7, 2-6, 6-4, 6-4. Mariano Puerta ap rankontre ak venkè rankont kap jwe ant swis Roger Federer ak Espayòl Rafael Nadal --rankont ki nan sant aktualite a. Demen Samdi a final ap dewoule ant Belj Justine Henine-Hardenne fas a franse Mary Pierce.

Football/ Almay 2006

Demen ap gen anpil match nan kad eliminatwa Koup du mond 2006-la. Sou kontinan ewopeyen-an. Nan Gwoup 2-a Turki-Grès ; Portugal-Slovaki nan gwoup 3-a . Oland-Woumani nan gwou 1-an;

Amerik du Sud Demen samdi-a Chili ap akeyi - Bolivie Urugwe ap jwe an deplasman nan Marakaibo kont Venezuela. Equateur ap akeyi ajantine Argentine. Nan Kolonbi Colombie, kolonbyen-yo ap akeyi - Pérou Epi Dimanch nan PORTO ALEGRE Brésil - Paraguay. Moun deja ap pale de dèbi 8 juin-an ant Brezil ak Arjantine.

Nan zòn CONCACAF-la :demen nan GUATEMALA-CITY Guatemala ap jwe kont Mexique Trinidad-Tobago ap akeyi Panama Epi nan SALT LAKE CITY : Etazuni ap akeyi Costa Rica MLSNET.COM DC United ap jwe an deplasman lakay San Jose Earth Quake nan kad chanpyona nasyonal football balonwon ameriken.

Pape Diouf nou prezidan Olempik de Marsèy ---Jean Fernandez kòm nouvo antrenè ekip-la .

NBA

Miami Heat pase yon vitès superyè yè swa pou-l kale Detroit Piston 88 a 76 pou l domine final konferans de Lès la ak 3 viktwa 2 defèt. Miami pral chache ranpòte seri a lè 2 ekip yo ap rankontre demen Samdi a pou 6 zièm rankont la. Venkè seri a ap rankontre ak SAn Antonio Spurs nan yon seri 7 rankont kap detèmine chanpyon nasyonal la.

Athelisme

Juj Grèk Irini Nikolaou ranvwaye depozisyon atlèt Grèk Ekaterini Thanou ta pral fè apre li pat prezante pou l te subi yon tès anti dopaj panan je zolenpik Atèn 2004 yo. Manmzèl ansam ak Costas Kenteris, ki repòte odisyon an tou, dakò pou yon konparèt devan juj la Lendi. Msye dam yo te envante yon istwa kòm kwa yo te enplike nan yon aksidan motosiklèt.

XS
SM
MD
LG