Belj Justine Henin-Hardenne ak Rus Nadia Petrova ak Elena Likhovtseva kalifye pou semi final tounwa tenis Roland Garos la. Petrova kalifye apre li elimine vedèt Sèbi e Montenegro Anna Ivanovic, ki gen 17 an, 6-2, 6-2 pandan 64 minit. Petrova pral rankontre ak Justine Henin-Hardenne ki elimine rus Maria Sharapova an 2 manch 6-4, 6-2. Elena Likhovtseva kalifye pou semi final apre li elimine adolesan Bulgar Sesil Karatantcheva 2-6, 6-4, 6-4. Manmzèl pral rankontre ak swa ak ameriken Lindsay Davenport ou byen franse Mary Pierce. Swis Roger Federer ak Espayòl Rafael Nadal toujou nan kous la kote yo gen posibilite pou rankontre nan semi final la si yo ranpòte la viktwa nan kar de final la.
Olympics
Komite Olenpik Entènasyonal anonse preparatif Je zolenpik Peken 2008 alhè e menm òganizatè twò prese. Deklarasyon sa a fèt nan okazyon yon vizit 4 jou responsab yo ap fè nan kapital la Peken. Delegasyon an mande komite òganizatè a pou ralanti nan travay konstruksyon an.Komite Olenpik entènasyonal mande peyi manb yo pou soumèt vil ki ta renmen òganize je zolenpik divè yo an 2014. Komite a di vil yo gen 28 Juyè pou yo soumèt kandidatu yo. Yon komite evaluasyon ap kòmanse vizite vil kandida yo nan kòmansman 2007. Komite Olenpik la ap anonse vil òganizatè a nan okazyon yon sesyon òdinè kap dewoule nan Gwatemala an Juyè 2007. Prezidan Komite Olenpik entènasyonal la, Jacques Rogge ekate posibilite pou plizyè vil ta òganize konpetisyon an an tandèm.
Football
Mitan teren seleksyon Pòtugè a Luis Figo, kap jwe nan Real Madrid, pral jwe 2 match kalifikatif koup du mond pou Pòtugal. Portugal ap rankontre ak Slovaki 4 Jwen epi Estoni 4 jou apre. Portugal pataje premye plas la ak Slovaki ak 14 pwen yo chak nan group 3 Europeyen an. Figo, ki retounen nan seleksyon an apre 9 mwa, anonse tou lap mete fen nan karyè entènasyonal li. Federasyon football Alman an inogure stad Allianz Arena nan vil Munik kote match douvètu a pral dewoule le 9 Jwen. Stad la gen yon kapasite 66 mil plas. Minich 1860 kale Nuremberg 3 a 2 nan okazyon an. Stad la koute plis pase 350 milyon dola e li pran anviwon 2 zan pou l konstrui.
Federasyon football Brezil la libere Ronaldo nan seleksyon an sou pwòp demand li. Donk sa vle di Ronaldo pap jwe 2 pwochen match kalifikatif koup du mond kont Paragwe Dimanch e kont Arjantin le 8 Jwen ak Koup Konfederasyon an kap kòmanse le 15 Jwen an Almay. Julio Cesar kap jwe nan Seville ap ranplase Ronaldo ki di se pou rezon pèsonèl li mande pou l pa fè pati seleksyon Brezil la. Obsèvatè yo site pwoblèm Ronaldo gen nan fwaye l apre li separe ak mandanm ni Daniella Cicarelli.
La Frans ap rankontre ak La Ongrie jodi a nan kad yon match amikal chofe jarèt. Antrenè franse Raymond Domenech vle mete sou teren an yon ekip ofansiv.
Isit Ozetazuni Chiva USA, ki fèk antre nan lig la, revoke antrenè Thomas Rongen apre ekip ranpòte 1 rankont sou yon total 10. Responsab yo non-men asistan antrenè a Javier Zully Ledesma kòm antrenè pwovizwa an atandan nominasyon yon nouvo antrenè.
NBA
Phoenix Suns pase akote yon eliminasyon gras ak jefò Amare Stoudemire ki make 31 pwen epi Joe Johnson ajoute 26 san bliye Shawn Marion ki trape balon an 14 fwa nan viktwa 111 a 106 Suns yo ranpòte devan San Antonio Spurs e mete seri a 3 viktwa 1 defèt. Jodi a Detroit Pistons ap akeyi Miami Heat nan konferans de Lès la. Miami Heat ap domine seri a 2 viktwa 1 defèt. Venkè 2 konferans yo ap rankontre nan yon seri 7 match pou detèmine chanpyon nasyonal la.
Phil Jackson, ki pran retrèt li kòm antrenè nan NBA a gen pou rankontre ak Kobe Bryant nan kad efò kap fèt pou l retounen kòm antrenè Los Anjeles Lakers. Pwopriyetè Los Anjeles Lakers la Jerry Buss diminye wòl Bryant ta kapab jwe nan anplwaye yon nouvo antrenè menm si yo kapab konsulte l.