Tennis
Bèlj Kim Clijters kalifye pou 8 tièm de final tounwa tenis Roland Garos la apre li elimine Daniela Hantuchova an 2 manch 6-4, 6-2. Manzèl pral rankontre ak venkèak ameriken Lindsay Davenport ki elimine franse Virginie Razzano 7-5, 4-6, 6-4. Duel jounen an te mete fas a fas espayòl Rafael Nadal ak franse Richard Gasquet 2 etwal tenis mondyal la. Nadal finn pa gen rezon sou Gasquet ke li kale an 3 manch 6-4, 6-3, 6-2. Swis Roger Federer kalifye tou pou 4 trièm tou a apre li elimine Chilyen Fernando Gonzalez 7-6, 7-5, 6-2. Federer deja ranpòte 6 tit pou sezon an ak yon palmarès 42 viktwa 2 defèt. Federer pral rankontre ak Espayòl Carlos Moya yon ansyen chanpyon tounwa tenis Roland Garos la.
Football
Klub Italyen Sampdoria de Jè n ak Udinese pral dispute dènye biyè pou tounwa preliminè lig dè chanpyon an lè yap rankontre nan 38 tièm e dènye jounen chanpyona a Dimanch. An Almay Bayern de Munik pral chache yon double lè lap rankontre ak Shalke 04 nan final koup Almay ki fiske pou demen Samdi a. Match la ap dewoule ak tout gichè fèmen sa vle di tout 74379 tikè yo finn vann.
Emira Arab Uni yo kale Japon 1 a 0 nan kad tounwa football Koup Kirin nan kap dewoule nan Tokyo. Peru ki te deja kale Japon nan match douvètu a Dimanch pataje koup la ak Emira Arab Uni yo akoz tou 2 ekip yo fini a egalite 4 pwen pou 2 match. Defèt sa yo reprezante yon desepsyon pou seleksyon Japonè kap mete tèt pou Abu Dhabi Dimanch kote li pral antrene avan match kalifikatif koup du mond kont Baren ak Kore du Nò.
Isit Ozetazuni D.C United ap akeyi F C Dallas demen Samdi a nan Washington.
Atletisme
Responsab Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal mande Tribunal Dabitraj la nan vil Lausanne an Swis pou ranvèse desizyon otorite Grèk yo pran pou ekzonere atlèt Grèk Kostas Kenteris ak Katerina Thanou ki pat prezante pou fè yon tès dròg pandan je zolenpik Atè n 2004 yo. Federasyon Entènasyonal ap chache yon suspansyon 2 zan kont 2 atlèt yo.
NBA
Faz final chanpyona nasyonal Basketball Ameriken lè San Antonio Spurs ap akeyi Phoenix Suns. Spurs yo ap domine seri a ak 2 viktwa 0 defèt. Dimanch Detroit Pistons ap resevwa Miami Heat. Seri a egalite 1 viktwa patou.