Accessibility links

Breaking News

Katolik ak Lòt Kretyen Ayisyen Pral Reyini Toupre Washington 10-12 Jen 2005


Nan mwens ke 2 semèn (soti 10 pou rive 12 Jen), kominote katolik ayisyèn nan ozetazini pral reponn konvokasyon Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an pou yon gwo rasanbleman toupre kapital federal la, Washington,DC. Se 23èm konvansyon Sant Nasyonal la, ki gen katye-jeneral li nan vil New York.

Tankou direktè a, Monsenyè Guy Sanricq di nou, yo chwazi lokal la suivan yon sistèm rotasyon. Tèm konvansyon 2005 la nan Univèsite Marymount, vil Arlington, eta Virjini, se “Yon Pen, Yon Kò, Yon Kominyon.” Monsenyè Sansaricq di nou li plase anpil enpòtans nan efò kap fèt, nan kèlkeswa nivo a, oubyen nan nenpòt ki denominasyon kretyèn, pou kreye e mentni tèt-ansanm pami frè ak sè ayisyen yo. Lap bon pou fanmi yo, pou Legliz la, pou kominote ayisyèn yo e, finalman, pou peyi d Ayiti.

Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an konte sou patisipasyon anpil Ayisyen ozetazini e menm nan Kanada nan 23èm konvansyon sa a k' ap dewoule, tankou nou sot’ di li nan Marymount University, Arlington, Virjini, toupre Washington, DC apati de 10 jen kap vini an.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a si ou vle tande repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG