Responsab Misyon l’ONU pou Stabilizasyon Ayiti a(MINUSTAH) rejte deklarasyon otorite lapolis ayisyen yo fè kòmkwa yo pat jwenn asistans nan operasyon sere boulon yo te mennen dimanch 22 me pase a nan katyè Bel-Air nan Pòtoprens. Dapre korespondan nou Rotchild Francois Jr., yon pòt-pawòl MINUSTAH demanti akizasyon an karebare e li di se lè bra polisye yo te pran nan moulen yo te rele MINUSTAH pou ba yo sekou. Men li te twò ta. Klike sou lyen anlè tèks la pou plis detay.