Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/26/05


Football

Seleksyon football feminen Kanada a kòmanse toune lap fè an Euròp la ak yon viktwa 4 a 3 li ranpòte devan Danmak. Kanadyen yo ap rankontre ak la Swèd Samdi 28 Me avan yo rankontre ak la Norvèj Madi 31 Me.

Fanatik klub Italyen Milan A.C. poko kapab dijere defèt klub la subi devan Liverpool nan final koup dè chanpyon an ki dewoule yè nan Istanbul an Turki. Milan tap men-nen 3 a 0 depi nan premye mitan an lè Liverpool te pase yon vitès superyè e make 3 gòl nan yon espas de 6 minit. Milanè yo pèdu sou tir de penalite 3 a 2 apre 2 ekip yo pat pataje pandan pwolongasyon. Sa fè Liverpool 5 kièm tit Europeyenn.

Venezuela fè match nul 1 a 1 ak Panama nan kad preparatif 2 ekip yo ap fè pou match kalifikatif koup du mond Almay 2006. Panama ki klase 5 kièm nan ekzagonal final zòn KONKAKAF la ap rankontre ak Trinidad and Tobago 4 Jwen epi yap akeyi Etazuni 4 jou pita swa le 8 Jwen. Venezuelyen yo bò kote pa yo ap jwe kont Urugwe 4 Jwen avan yo fè deplasman pou al lakay Chili le 8 Jwen.

Tennis

Rus Maria Sharapova ak Bèlj Justine Henin Hardenne kalifye pou pwochen tou tounwa tenis Roland Garos la. Sharapova kapote franse Aravane Rezai ak 2 kout rakèt 6-3, 6-2. pou l al rankontre ak konpatriòt li Anna Chakvetadze nan 3 zièm tou a. Bèlj Justine Henin-Hardenne ki se tèt de seri numewo 10 tounwa ate bezwen 2 manch pou l debarase l Virginia Ruano Pascual 6-1, 6-4 pou l al rankontre ak espayòl Anabel Medina Garrigues ki elimine Bulgar Magdelena Maleeva 6-3, 6-4. Bò kote mesye yo Arjanten Guillermo Coria kalifye pa fòfè kont Novak Djokovic, moun Sèbi ak Montenegro ki abandone. Arjanten Guillermo Canas, Rus Nikolay Davydenko kalifye pou pwochen tou a.

NBA

Dwayne Wade make 40 pwen pou ede Miami Heat ranpòte yon viktwa tou mens devan Detroit Pistons 92 a 86 pou egalize seri final konferans de Lès la ou byen semi final nasyonal la. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch nan Detroit pou yon 3 zièm fwa.

Milwaukee Bucks ki fini sezon an ak yon palmarès 30 viktwa 52 defèt pral gen privilèj seleksyone numewo 1 pami nouvo venu jwè basketball ki deside tounen pwofesyonèl. Tiraj osò a fikse pou demen Samdi--jwè ki kapab seleksyone kòm numewo 1 se Ostralyen Andrew Bogut ki mezure 2 mèt 13 e kap jwe nan Univèsite Utah. Atlanta Hawks ki fini sezon an ak yon palmarès 13 viktwa 69 defèt ap seleksyone 2 zièm jwè a .

Responsab yo nan Lig Football zèpòl kare seleksyone vil Tampa pou akeyi final Superbowl la an lan 2009. Sa fè 4 trièm fwa yon vil nan eta Florid ap akeyi yon final football zèpòl kare. Responsab yo aprouve vant Minnesota Vikings pou 600 milyon dola ke yon envestisè nan New Jersey ap achte.

XS
SM
MD
LG