Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/25/05


Tennis

Rolan Garos kay mesye yo, ti adolesan fransè a Richard Gasquet (18 tan ) kontinue ap kreye sansasyon . Msye elimine olandè Peter Wessels an 3 sèt : 6-3, 7-6 6-1. Nan pwochen tou a Gasket kapab rankontre ak yon lòt ti adolesan, espayòl Rafael Nadal kap rankontre ak bèlj Xavier Malisse. Kalifikasyon pou fransè Sébastien Gros-Jean ki elimine italyen Davide Sanguinetti; 3 sèt a 0 : 6-0, 6-3, 6-2. Lòt kalifye pou 3e tou a : arjanten Gaston Gaudio, David Nalbadian. Kay medam yo , rus Elena Dementieva(4),kalifye sou koat Sandra Mamic an 2 sèt :7-6 , 6-2. Kalifikasyon difisil pou amerikèn Vénus Williams (11) ki kale kolonbyèn Fabiola Zuluaga an 3 sets : 6-3, 3-6, 6-3.Fransèz Mary Pierce,(N.21) mete deyò koat Jelena Kostanic an 2 sèt : 6-1, 6-0. Numewo 1 mondyal maskulen an ap jwe jodi a kont espayòl Nicolas Almagro. Numewo 1 mondyal kay medanm-yo ap jwwe li-menm kont chinwaz Peng.

Football

Vil istanboul nan peyi Turki cho jodia nan okazyon final Lig Chanpyon-an kap mete fas-pou-fas 2 klub selèb, prestijyeu e trè titre : Milan Ac KI RANPÒTE KONPETISYON 6 FWA DEJA ak Liverpool(ranpòte 4 fwa ) .Donk, 2 klub ki abitue ak evenman o somè sa yo. Ce sera la guerre des géants! Milan AC ( avèk 3 brezilyen: Dida, Cafu ak KK) , 2e nan Calcio a pa ti favori devan Liverpool ki 5e nan chanpyona anglè premyè divizyon an. Oganizatè yo ap tann anviwon 70 mil spektatè. La polis sou brenzeng ni pou kase fe machann dezagreman ki ta vle gate fèt boul la.9 mil polisye deja pran plas-yo. Genyen ki pap pote unifòm. Genyen kap yon kote e ki ap pare pou fè entèvansyon nenpòt kilè.

NBA

Aswè a Miami ap resevwa pou yon 2e fwa Detroit Pistons ki te ranpòte premye rankont nan Miami. Si Miami pèdu , situasyon an ap menm ak situasyon nan final konferans de lwès-la . Yè swa nan Phoenix, Arizona , San Antonio Spurs ranpòte yon 2 zièm viktwa nan semi final chanpyona nasyonal NBA kont Phoenix Suns ki tap jwe a domisil 111 a 108. Tim Duncan make 30 pwen, Arjanten Manu Ginobili ajoute 26 pandan ke franse Tony Paker kore viktwa a 24 pwen e pèmèt San Antonio domine seri a ak 2 viktwa 0 defèt nan konferans de Lwès la. Yon defèt ki konplike situasyon pou Phoenix Suns kap fè yon kout pye lakayl San Antonio nan kad 3 zièm rankont yo demen swa.

Asosyasyon Nasyonal Basektball ameriken ap jwe yon match amikal nan Porto Riko 14 Oktòb pwochen kote Miami Heat pral rankontre ak Memphis Grizzlies. Responsab yo espere rankont sa a ap ede ogmante popularite basketball nan rejyon an.NBA

XS
SM
MD
LG