Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/20/05


Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer jwen yon avantaj bab e moustach nan tiraj osò tounwa tenis Roland Garos la kap demare an nan vil Pari an Frans Lendi pwochen. Si Federer ranpòte tounwa a lap tounen 6 zièm jwè tenis ki ranpòte 4 tounwa tenis Gran Shelem nan karyè l. Sou papye li pa sanble Federer pral fè fas ak gwo defi eksepte lè l rive nan kar de final la kote li kapab rankontre ak Arjanten David Nalbadian ki te rive nan semi final la ane pase.

Bò kote meda m yo ameriken Lindsay Davenport, ki poko janm ranpòte konpetisyon an ap rakontre ak Slovèn Katerina Srebotnik pandan ke chanpyon sòtan Wimbledon nan Rus Maria Sharapova pral mate balon fas a konpatriòt li Evgenia Linestskaya. Ameriken Serena Williams deklare fòfè akoz yon blesu nan kwis.

Atletisme

Kourè Etyopyen Haile Gebrselassie di li pap patisipe nan oken gwo konpetisyon atletis ankò apre li finn patisipe nan kous 10 mil mèt la nan Manchester an Angletè Dimanch kap vini la la. Dapre deklarasyon an li sanble chanpyon du mond 4 fwa a pap patisipe nan chanpyona mondyal atletis ki gen pou dewoule nan Helsinki, Findland an Out pwochen.

Atlèt ameriken Michelle Collins aksepte desizyon federasyon Atletis ameriken an pran pou suspann li pou yon periòd 4 tran epi pèdu tit mondyal li te ranpòte an lan 2003 nan kategori 200 mèt. Lè suspansyon an fini 17 Juyè 2008 manmzèl ap gen 37 tan.

Avoka kap defann atlèt ameriken Marion Jones konkou Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la ak komite Olempik ameriken an pou ede yo chanje desizyohn Komite Òganizatè chanpyona Atletis Europen pou anpeche Marion Jones patisipe nan evenman sa yo akoz eskandal dopaj kote Marion Jones anba akuzasyon kòm kwa laboratwa Balco te konn ba l yon seri steroyid ki ede l ranpòte konpetisyon li patisipe yo. Akuzasyon Marion Jones rejte.

Prezidan Komite Olempik Ameriken Peter Ueberroth eksprime dout sou posibilite pou New York ta òganize je zolempik yo an lan 2012. Nan yon lèt ansyen responsab komite òganizatè je zolenpik yo nan Los Anjeles an 1984, voye bay prezidan Asanble New York la, group Republiken yo nan Sena eta New York la, li di si plan konstruksyon stad la pa adopte chans pou New York öganize konpetisyon an ap minim.Sena eta New York la gen pou l vote sou konstruksyon stad la ki kapab koute anviwon 2 milya dola.

Football

Federasyon Football Franse otorize gadyen-d-bu franse Fabien Barthez pou l jwe match charite la seleksyon Franse ki te ranpòte koup du mond football 98 la fas ak Toulouz. Barthez ap purje yon pèn pou tèt li te krache sou yon abit Maroken.Football Kanada pilon-nen Ayiti 5 a 0 nan kad kwadrangulè final eliminatwa koup du mond kadè ki gen pou dewoule O Pewou. Defèt ki vle di Ayiti pèdu espwa pou l ta kalifye pou faz final la. Meksik kale Onduras 3 a 0. Kwadrangulè a ap fini demen Samdi lè Ayiti ap rankontre ak Honduras epi Meksik fas ak Kanada. Peyi ki fini an premyè pozisyon an ap kalifye otomatikman pandan 2 zièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou fas a Kosta Rika pou detèmine 3 zièm reprezantan pou zòn KONKAKAF la.

An Itali Juventus de Turen ki gen 5 pwen devan Milan A-C bezwen yon viktwa lè lap rankontre ak Livorno Dimanch nan okazyon avan dènye jounen chanpyona a. Milan A-C dwe fè diferans lè lap rankontre jodi a Palerme. A-S Wòm kalifye pou final koup DItali a apre yo kale Udinese 2 a 1. Women yo pral rankontre ak Inter de Milan nan final la nan yon seri ale/retou 12 e 15 Jwen.

Isit Ozetazuni demen Samdi D-C United ap rankontre ak Kansas City Wizards pandan ke New England Revolution pral mate balon lakay New Metro Stars nan yon rankont kap pase nan televizyon.

NBA

Detroit Pistons kalifye pou semi final chanpyona nasyonal Basketbal ameriken apre yo elimine Indiana Pacers 88 a 79. Nan Konferans de Lwès la San Antonio Spurs suprann Seattle Supersonics ak yon viktwa 98 a 96 gras ak 2 pwen Tim Duncan make kèk sekond avan fen tan reglemantè a.. San Antonio ap rankontre ak venkè seri ant Phoenix Suns ou byen Dallas Mavericks. Miami Heat ap rankontre ak Detroit Pistons. Reggie Miller ap pran retrèt li apre li make 25279 pwen--pwen ki fè l klase 12 zièm jwè nan istwa NBA a.

XS
SM
MD
LG