Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/16/05


NBA

Dallas Mavericks suprann Phoenix Suns ak yon viktwa 119 a 109 pou egalize seri semi final la ak 2 viktwa patou. 2 ekip yo ap rankontre Mèkredi. Nan lòt rankont ki jwe yè Dimanch la Seattle Supersonics woule San Antonio Spurs 101 a 89 pou egalize seri semi final la ak 2 viktwa patou. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a pou 5 kiém rankont la. Nan konferans de Lès la chanpyon sòtan an Detroit Pistons egalize seri a semi final la tou ak 2 vitwa patou apre viktwa 89 a 76 yo ranpòte devan Indiana Pacers. 5 kièm match la fikse pou demen.

Tennis

Almay kale Etazuni 2 a 1 nan group Bleu koup du mond Tenis pa ekip kap dewoule nan Dusseldorf an Almay. Nan group wouj la Chili kale Republik Tchèk 2 a 1. 8 peyi kap patisipe nan tounwa a e ki divize an 2 group de 4. Nan group wouj nou jwen Arjantin, Chili, Republik Tchèk ak la Frans. Nan group B a nou jwen Etazuni, Almay, Espay ak la Swèd pou group bleu a.

Rus Dinara Safina te bezwen 2 manch 7-6, 6-3 pou l kale Tchèk Zuzana Ondraskova e ranpòte tounwa tenis Open Prag la.

Football

La Frans ranpòte premyè edisyon koup du mond football sou plaj ki tap dewoule nan Copacabana nan Rio de Janeiro o Brezil. Franse yo ranpòte rankont devan Portugal la sou tir de penalite apre tan reglemantè a te fini 3 a 3 e yo pat make oken gòl pandan pwolongasyon an. Brezil konsole l ak 3 zièm plas la apre li pilon-nen Japon ak yon viktwa 11 a 2.

Milyadè ameriken Malcolm Glazer pran kontwòl klub football angle Manchester United apre li achte 75 pou 100 aksyon nan klub la. Fanatik yo kontinye kouche an kwa kont lide a. Pa gen oken siy ki montre Glazer pral kontinye achte plis aksyon pou l rive 90 pou 100 si sa ta fèt msye ta kapab fòse lòt 10 pou 100 an vann aksyon yo posede e pran kontwòl klub la.

Sou plan entènasyonal F-C Barselòn ranpòte chanpyona football Espay la malgre make 2 jounen pou chanpyona a fini. Sa fè ekip Espayòl 17 tièm tit li ranpòte nan chanpyona a. An Itali Viktwa 2 a 0 Juventus de Turen ranpòte devan Parme yè Dimanch la mete l pi pre pou l ranpòte trofe a ane sa a apre Milan AC fè match nul 2 a 2 ak Lecce.

An Almay 63 mil fanatik te reyuni nan Stad Olenpik Munik pou asiste dènye rankont football ki jwe nan stad sa-a. Se nan menm stad sa a Almay te ranpòte koup du mond la an 1974. Depi lè stad la te inogure sa gen 33 zan, an 1972, li akeyi yon total 1120 rankont. A Pati de 31 Me tout rankont footbal pral jwe nan nouvo stad Alliaz Arena menm stad kote seremoni douvètu koup du mond Almay 2 mil 6 la ap dewoule 9 Jwen 2006. Stad la gen yon kapasite 66000 plas.

An Frans gen posibilite pou Lyon nonmen yon nouvo antrenè nan tèt ekip la avan fen chanpyona a. Isit Ozetazuni D-C United pèdu 1 a 0 devan New England Revolution. Kolorado Rapids kale Chivas USA 2 a 1. Ayisyen Jean Philippe Peguero non-men kòm meyè jwè rankont la akoz pèfòmans li. Metro Stars wouze Chikago Fire 3 a 0. Kansas City Wizards pilon-nen Kolonbus Crew 4 a 0. Los Anjeles Galaksi tonbe devan Real Salt 2 a 1.

2 zièm faz final eliminatwa koup du mond kadè a ap dewoule O Meksik soti 17 pou rive 21 Me. Kalandriye rankont yo 17 Me Onduras fas ak Kanada epi Meksik kont Ayiti. 19 Me Ayiti kont Kanada epi Meksik kont Onduras. 21 Me Ayiti kont Onduras epi Meksik kont Kanada. Venkè kwadrangulè a pral jwen Etazuni pou reprezante zòn KONKAKAF la nan chanpyona du mond kadè ki gen pou dewoule O Pewou soti 16 Septanb pou rive 2 Oktòb.

Peyi ki klase 2 zièm nan group B a pral jwe yon match de baraj ale/retou fas a Kosta Rika pou detèmine 3 zièm reprezantan zòn nan. Ayiti kalifye pou faz final la apre yo ranpòte tounwa Unyon Football Karayib la. Answit yo elimine Jamayik nan yon seri ale/ retou. Ayisyen yo, kap chache kalifye pou la premyè fwa nan yon koup du mond kadè, poko pran oken gòl pandan 469 minit.

XS
SM
MD
LG