Unyon ewopeyèn nan aksepte debloke yon èd 20 milyon dola anfavè peyi d’ Ayiti. Pi fò lajan sa a se pou ede nasyon karayibeyen an prepare eleksyon jeneral ki fikse nan mwa Oktòb la.
Rès la, se pou finanse dezameman ansyen sòlda yo e ede reentegrasyon yo nan sosyete sivil la.
Premye minis Gérard Latortue supoze resevwa vandredi a nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens, dekèsman yon premye pati nan èd la nan men yon reprezantan Komunote Ewopeyèn nan.
Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou aktyalite a ann Ayiti pou vandredi 13 me 2005 la.