Accessibility links

Breaking News

Gwoup Dwa Moun yo Mande Gouvènman Ayisyen an ak L'ONU Fè Plis Kont Vyolans ak Ensekirite a


Men kèk nan prensipal nouvèl ki nan aktyalite ayisyèn nan:

Yon gwoup òganizasyon Defans Dwa Moun lanse apèl bay gouvènman ayisyen an ak fòs L'ONU ki nan peyi d Ayiti a pou yo pran mezi pou l arete e jije moun ki mele nan aktivite kidnapping, epi pran dispoziyon pou pèmèt lapolis fè travay li pi byen. Detay avèk Renan Toussaint depi Pòtoprens.

Nan Depatman Latibonit la, dirijan òganizasyon dwazimen yo fè konnen yap sibi gwo menas anba men moun ki pa renmen kalte travay y'ap fè a. Koute detay yo avèk Jonathan Joseph depi vil Gonayiv.

Nan Plato Santral la, responsab Konsèy Elektoral la ak misyon l’OEA a an Ayiti pral òganize yon seminè nan weekend nan pou prepare jèn ki pral travay nan biwo enskripsyon elektoral yo. Sou dosye sa a, Jean-Christophe Collègue rankontre ak yon responsab elektoral nan rejyon an.

Anfen, kèk lidè politik k'ap reflechi sou sitiyasyon an jan li prezante jounen jodi a an Ayiti, fè konnen se yon desepsyon pou sila yo ki te travay pou pote yon swadizan chanjman pozitif nan lavi pèp la. Yves Mompremier di nou, depi vil Orlando, youn nan dirijan politik sa yo se reprezantan OPL nan Depatman Nò a.

Annik fè klik sou ralonj (lyen) ki anlè tèks sa a pou w ka tande tout repòtaj maten 12 me 2005 la.

XS
SM
MD
LG