Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ak Lidè Ewopeyen yo Selebre Anivèsè Fen Dezyèm Gè Mondyal la


Sou kontinan ewopeyen an, lidè yo ap selebre anivèsè viktwa fòs alye yo te ranpòte nan Dezyèm Gè Mondyal la.

Anpil ansyen konbatan patisipe tou nan defile ki dewoule plizyè kote, nan Moskou, pa egzanp, kote Prezidan Vladimir Putin abonde nan menm sans ak Prezidan George W. Bush ki kondane rejim bout di sovyetik ki te ranplase dominasyon Fachis yo ak Nazi yo nan divès nasyon ewopeyen.

Prezidan Bush ap rankontre msye Putin pandan virewon l'ap fè ann Ewòp la. Maten dimanch 8 me a li te vizite yon simityè ameriken nan La Oland.

Klike sou ralonj anlè tèks sa a pou yon repòtaj konplè sou selebrasyon sa yo rele Jou V a, jou Viktwa alye yo.

XS
SM
MD
LG