Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/05/05


Tennis

Arjanten Guillermo Coria kalifye pou kar de final tounwa tenis dè mèt Rome nan an Itali gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan Italyen Davide Sanguinetti 6-0, 6-4. Espayòl Alberto Martin kale Peruvyen Luis Horna pou l pase nan kar de final la 6-1, 6-3.

Bèlj Kim Clijsters abandone tounwa tenis Open Berlen an apre li pran yon zòbòy nan pye dwat. Rus Maria Sharapova kontinye ap raproche l pou l klase numewo 1 mondyal gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan Chinwa Shuai Peng 6-2, 6-1. Manmzèl kapab ranplase ameriken Lindsay Davenport kòm numewo 1 mondyal akondisyon li ranpòte tounwa a. Rus Nadia Petrova kalifye pou kar de final la gras ak 2 kout rakèt li pase franse Mary Pierce 6-2, 7-5. Elena Bovina kalifye pou kar de final tounwa a tou e li pral rankontre ak Jelena Jankovic ki soti nan Sèbi e Montenegro. 2 tounwa sa yo konsidere kòm yon tounwa chofe jarèt avan debu tounwa Gran Shelem Roland Garos la kap kòmanse 23 Me nan vil Pari an Frans.

Football

Klub Rus CSKA espere tounen premye klub Rus ki ranpòte Koup Unyon football Europeyen lè lap rankontre ak klub Italyen Parme nan match retou a. 2 klub yo te fè match nul 0 a 0 nan match ale a. Lòt semi final retou a ap mete bab pou bab klub Olandè AZ Alkmaar fas a klub Pòtugè Sporting Lisbòn. Klub Pòtugè a te ranpòte match ale a 2 a 1. Final la fikse pou 18 Me nan Portugal. C

Club Football Italyen Milan A-C kalifye pou final lig dè chanpyon Europeyen malgre yo pèdu 3 a 1 devan klub Olandè PSV Eindhoven. Milanè yo, ki te ranpòte match ale a 2 a 0, yo ap patisipe nan final la pou yon 10 zièm fwa apre ekip yo fini a egalite men etan done Milan make yon gòl an deplasman se rezon ki fè yo kalifye pou rankontre an final Liverpool ki elimine Chelsea ak yon viktwa 1 a 0. Final la ap jwe nan Istanbul 25 Me.

Nan KONKAKAF la otorite yo anonse vil Ottawa, Montreal, Vancouver, ak Viktoria, Edmonton ak Toronto kòm vil ki kandida pou òganize koup du mond football kadè a an lan 2007. Pami kondisyon pou yon vil òganize koup du mond la li dwe gen yon stad ki kapab akomode 10,000 plas, zèb atifisyèl. 24 ekip ap patisipe nan faz final la pou yon total 52 rankont

Basketball

Aswè a Boston Celtics pral lakay Indiana Pacers pandan ke Dallas Mavericks pral jwe lakay Houston Rockets.

Yè swa Gilbert Arena make 2 pwen nan fen tan reglemantè a pou pèmèt Washington Wizards ranpòte yon viktwa de justès 112 a 110 devan Chikago Bulls yè swa nan Chikago epi mete seri a ak 3 viktwa kont 2 defèt an favè Wizards yo. 2 ekip yo ap rankontre Vandredi isit Washington. San Antonio Spurs kalifye pou pwochen tou apre viktwa 99 a 89 yo ranpòte devan Denver Nuggets. Spurs yo ranpòte 4 viktwa ak yon defèt. San Antonio Spurs pral rankontre ak Seattle Supersonics nan 2 zièm round nan.

Emeka Okafor, kap jwe nan Charlotte Bobcats resevwa prim, kòm meyè debutan pou ane a nan NBA.

Cyclisme

Siklis Pòtugè Nuno Ribeiro teste pozitif pou uzaj anabolizan--aksyon ki fè otorite spòtif Italyen yo retire nonn nan lis patisipan Tour Itali a. Kous la kap kouvri 20 etap, gen yon total 198 patisipan ki subi tès la. Eksepte Ribeiro ki echwe.

XS
SM
MD
LG