Accessibility links

Breaking News

O-E-A Eli Yon Nouvo Sekretè-Jeneral


Eleksyon yon nouvo Sekretè-Jeneral nan Oganizasyon Eta Ameriken (OEA)!

Apre plizyè mwa diskisyon ak mannèv nan koulwa divès delegasyon yo, yon vòt dewoule lendi 2 me a e se Minis Enteryè peyi Chili a, José Miguel Insulza, ki pran mayòl la gras ak yon "consensus". Vrèman vre, Msye Insulza resevwa 31 vwa sou 34 pou li pran plas Miguel Angel Rodriguez, ki te oblije bay demisyon ni akòz pwoblèm ak lajistis nan peyi li. Pèsonn pa vote kont José Miguel Insulza. 2 peyi aste ni yo nan vòt la, kidonk yo pat patisipe, tandiske dènye a depoze yon bilten blan.

Eleksyon diplomat chilyen an te vin pi fasil lè Meksiken Luis Ernesto Derbez te wete non l' nan kous la e pat rete pyès lòt kandida anfas Msye Insulza.

Klike sou lyen anlè tèks la pou yon repòtaj konplè.

XS
SM
MD
LG