Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/2/05


Tennis

Ameriken Andy Roddick ak Andre Agassi kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Rome nan. Roddick te bezwen 2 kout rakèt pou l kale Britanik Greg Rusedski 6-4, 6-4. Agassi kale anba redu Italyen Alessio Di Mauro 7-5, 6-2. Espayòl Albert Costa woule konpatriòt li Albert Montanes 6-4, 6-4. Pandan ke Rus Nikolay Davydenko tonbe fas anba devan Fernando Verdasco 6-3, 7-5.

Arjanten Gaston Gaudio te bezwen 3 manch pou l kale Espayòl Tommy Robredo 6-1, 2-6, 6-1 pou l ranpòte tounwa tenis Estoril la ki tap dewoule nan Portugal. Tchèk Lucie Safarova kale Chinwa Li Na 6-7, 6-2, 6-3 pou l ranpòte kategori meda m yo. Belj Justine Henin-Hardenne ranpòte tounwa tenis Varsovi a devan Rus Svetlana Kuznetsova 3-6, 6-2, 7-5. Arjanten David Nalbadian ranpòte tounwa BMW a ki tap dewoule an vil Munich devan Woumen Andrei Pavel 6-4, 6-1

Football / Koup du Mond

Unyon football Europeyen an konvenk FIFA pou l rann li fasil e mwen chè pou fanatik football kap viv nan peyi ki pa fè pati Unyon Football Europeyen an. Nouvo règleman yo vle di fanatik yo kapab sèvi ak monè lokal nan yon bank lokal--sa ki bon pou fanatik yo.Nouvèl sa a parèt apre òganizatè koup du mond football Almay 2006 la kòmanse vant 2 zièn tikè pou konpetisyon an kap kòmanse an jwen 2006.

Toujou sou kontinan Europeyen an Klub Football Angle Chelsea ranpòte chanpyona Angle a apre yo pase Bolton yon swif 2 a 0 Samdi malgre manke 3 jounen pou chanpyona a fini.

An Espay gras ak yon viktwa 2 a 0 FC Barselòn ranpòte devan Albacete yè Dimanch la pèmèt li konsève 6 pwen davans devan Real Madrid ki te kale Real Sociedad 2 a 0 Samdi nan okazyon 34 trièm jounen chanpyona a.

An Itali Milan AC ak Juventus de Turen toujou pye pou pye nan chanpyona Seri A Italyen an. An Almay Bayern de Munich ranpòte 19 vièm tit li nan Bundersliga a apre li krabinen Kaiserslautern 4 a 0 Samdi.

Yon lòt kote prezidan Federasyon Football Sud Koreyen an di li gen plan pou rekòmande responsab football Nò Koreyen yo pou yo ale an apèl kont desizyon FIFA pran pou l enpoze sanksyon kont peyi a apre ensidan kote fanatik Nò Koreyen yo te voye yon seri de debri sou sou teren an nan okazyon match Bahrain ak Iran te jwe nan Kore du Nò mwa Mas dènye. Vandredi pase FIFA te mande Kore du Nò pou l jwe pwochen rankont li yo kont Japon sou yon teren neut e pou l peye yon amand 17 mil dola.

Isit Ozetazuni D.C. United fè match nul 0 a 0 devan Kansas City. Chikago Fire toupizi Kolombus Crew 2 a 0. New England Revolution kale Chivas USA Kolorado Rapids tonbe devan Metro Stars 3 a 1. Los Anjeles Galaksi danse sou F C Dallas 2 a 0. Real Salt Lake fè match nul 2 a 2 ak San Jose Earthquakes.

Basketball

Jodi a Washington Wizards ap rankontre ak Chikago Bulls ak posibilite pou egalize seri 7 match la akondisyon yo Wizards yo ranpòte yon viktwa devan Bulls yo kap domine seri a 2 viktwa 1 defèt. Denver gen menm misyon an tou lè yap rankontre ak San Antonio Spurs kap men-nen 2 a 1. Dallas ak Houston pral chache deparye yo lè yap rankontre aswè a nan kad 5 kièm rankont yo--2 ekip yo ap egalize 2 viktwa patou. Demen Madi a Indiana Pacers pral lakay Boston Celtics--2 ekip yo ap egalite 2 viktwa patou nan konferans de Lès la.

Miami Heat ak Phoenix Suns kalifye pou semi final konferans Lès la final NBA a. Phoenix sun bimen Memphis Grizzlies 125 a 115 pou l ranpòte 4 trièm viktwa nan seri 7 match la. Miami kalifye tou apre yo kale New Jersey Nets 110 a 97. Nan konferans de Lès la chanpyona sòtan an Detroit Pistons ap domine seri a 3 viktwa a 1 apre viktwa an pwolongasyon yo ranpòte devan Philadelphia 76ers 97 a 92. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a lakay Detroit. Nan konferans de Lwès la gras ak yon viktwa 115 a 102 Seattle Supersonics ranpòte devan Sakramento Kings pèmèt li domine seri 7 match la ak 3 viktwa kont 1 defèt. 2 belijeran yo ap rankontre demen Madi a.

Siklism

Siklis Kolonbyen Santiago Botero ranpot̀e dènye etap kous bisiklèt Tour Romandie an Swis.

Atletism

Kourè ameriken Marion Jones ranpòte kous 100 mèt kous atletik ki tap dewoule nan Martinik apre 11 tantativ. Tim Montgomery fini 4 trièm nan kous 100 mèt la. Ameriken Maurice Greene ranpòte kous la an 10 pwen 03 devan franse Ronald Pognon.

Boxe

Boksè ameriken James Toney ranpòte tit Asosyasyon Mondyal Bosk la devan Porto Riken John Ruiz par desizyon unanim donk tout juj yo deside an favè ameriken an.

XS
SM
MD
LG