Accessibility links

Breaking News

Ayiti Gen Kèk Nouvo Sant Enfòmatik nan Pwovens


Cybercafé se yon eleman nouvo ann Ayiti, men deja li gen anpil fanatik e menm près entènasyonal la ap pale sou sa. Ak nouvo kalte antrepriz sa a kliyan gen aksè sou rezo mondyal enfòmatik la epi yo mentni kontak sou konmpyoutè ak lemond antye, san yo pa oblije posede yon òdinatè.

Cybercafé ann Ayiti ofri piblik la yon sèvis kourye elektwonik (e-mail) ki ouvè anpil pòt kominikasyon pou moun ki ka peye pou li, malgre li koute mwen chè. Kounye a gen yon lòt eleman ki antre sou sèn nan e ki jwenn yon repons trè pozitif, dapre Gotson Pierre, ki responsab Gwoup Medialternatif nan Pòtoprens. Se Telesant yo. Sant sa yo ofri non sèlman aksè sou Entènèt, men yo bay jèn yo asistans pou yo ka aprann sèvi ak teknoloji a. Klike sou ralonj anwo tèks la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG