Plizyè gwoupman politik nan Sid peyi dAyiti fè konnen lavi lidè politik yo menase e ke otorite yo dwe fè plis efò pou konbat fenomèn ensekirite a k ap ogmante. Korespondan nou Jean Ernst Eliscar gen detay depi vil Okay.
Nan Pòtoprens, yon medsen bandi te kidnape, jwenn liberasyon l aprè fanmi l te peye yon sòm lajan. Korespondan nou Rotchild F. Junior ap reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste.
Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj korespondan nou yo.