Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/28/05


Basketball

San Antonio Spurs krabinen Deven Nuggets 104 a 76 pou mete seri 7 match la ak yon viktwa patou. Nan Chikago Washington Wizards subi 2 zièm defèt yon devan Chikago Bulls 113 a 103 e mete seri a 2 viktwa 0 defèt an favè Chikago. Phoenix Suns ap domine seri a 2 viktwa 0 defèt apre viktwa tou mens 108 a 103 yo ranpòte devan Memphis Grizzlies.

Ansyen pwopriyetè Phoenix Suns Jerry Colangelo non-men poul supèvize seleksyon nasyonal baskètbal maskulen ameriken an juskan 2008. Collangelo ap ranplase komite 10 manb ki te konn seleksyone ekip entènasyonal ameriken yo. Msye pral seleksyone jwè ameriken pou koup du mond 2006 la epi je zolenpik Peken yo an 2008.

Football

Chelsea fè match nul 0 a 0 ak Liverpool nan kad match semi final ale lig dè chanpyon Europeyen-an nan yon match kote Defans ak Mitan teren te jwe patisyon pa yo. 2 belijeran yo ap rankontre nan yon semen. Madi pase Milan A-C te kale klub Olandè PSV Eindovhen 2 a 0 nan vil Milan.

Jodi-a klub Italyen Parme ap rankontre ak CSKA de Moskou pandan ke klub Olandè AZ Alkmaar pral mate balon fas a Sporting de Lisbòn nan kad semi final ale Unyon Football Europeyen an. Parme an difikilte nan chanpyona Italyen an fas ak posibilite pou yo desann nan 2 zièm divizyon.

Nan match amikal entènasyonal Meksik fè match nul 1 a 1 ak la Polòy. Brezil woule Gwatemala 3 a 0. Romario jwe 39 minit pou seleksyon Brezilyen e pwobableman dènye match ofisyèl lap jwe pou chanpyon du mond 5 fwa a. Premye fwa Romario te jwe yon rankont pou Brezil se te an 1987.Msye te make premye gòl nan menm ane a nan okazyon viktwa 3 a 2 Brezil te ranpòte devan Findland nan Helsinki. Se premye match Romario jwe pou Brezil depi 2001 lè brezilyen yo te pèdu 1 a 0 devan Urugwe. Romario ap patisipe nan premye koup du mond football sou plaj an Me pwochen.

Federasyon football alman an pap fè abit Robert Hoyzer peye yon amand menm lè msye ta enplike nan fè magouy nan match football. Federasyon an di suspansyon endefini abit la sufi donk msye pap bezwen peye amand 65 mil dola a. An Janvye Hoyzer te rekonèt li te resevwa 87 mil dola nan men yon rezo paryè Kwat an retou pou l fè koken nan 6 match. Otorite Alman yo ap ankete sou 25 moun pami yo 4 abit ak 14 footballè nan divzyon enferyè.

CIO

Bilyonè Japonè Yoshiaki Tsutsumi demisyone kòm manb onorè Komite Olenpik entènasyonal la apre otorite yo te arete l pou move konduit finansye--magouy.

XS
SM
MD
LG