Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/27/05


Football

FIFA anonse lap distribye 280 milyon dola ant 32 ekip kap patisipe nan pwochen koup du mond la swa yon ogmantasyon 38 pou 100. Dapre FIFA chak patisipan yo ap resevwa anviwon 6 milyon dola. Plis yon ekip avanse nan yon faz se plis lajan lap resevwa. Chanpyon du mond la ap resevwa anviwon 21 milyon edmi dola. FIFA anonse li gen yon pwofi 133 milyon dola apre pwoblèm finansye òganizasyon football entènasyonal la te fè fas pandan sezon 2001-2002 a lè 2 prensipal patnè televizyon ak marketing te fè fayit.

Milan A.C kale PSV Eindoven 2 a 0 yè Madi a nan San Siro nan kad semi final ale lig dè chanpyon Europeyen. Jodi a Chelsea ap rankontre ak Liverpool nan lòt semi final la. Liverpool pral chache pran revanch 3 defèt li te subi devan Liverpool nan kòmansman sezon an an Angletè.

Demen Jedi a klub Italyen Parme ap akeyi klub CSKA epi Sporting de Lisbon ap resevwa AZ Alkmaar nan kad semi final ale koup Unyon football Europeyen an. Match retou a fikse pou 5 Me.

Seleksyon football feminen Kanadyen ap mete fen nan virewon yap fè sou kontinan Europeyen an lè yap rankontre la Frans jodi a nan Strasbourg. Kanadyen yo te kòmanse toune 4 match la ak yon match nul 1 a 1 kont La Oland 19 Avril avan yo tonbe 2 fwa devan Almay. Alman yo te ranpöte premye rankont la 3 a 2 epi 3 a 1 nan 2 zièm rankont la.

Basketball

2 zièm match NBA a ap rapousib aswè a nan konferans de Lwès la lè Denver Nuggets pral lakay San Antonio Spurs. Nuggets yo te ranpòte premye rankont seri 7 match la. . Memphis Grizzlies ap fè deplasman an lakay Phoenix Suns--Suns yo ap men-nen 1 a 0. nan Konferans de Lès Washington Wizards pral lakay Chikago Bulls pou 2 zièm rankont seri 7 match la. Bulls yo ap men-nen 1 a 0. Yè swa Filadelphia 76ers tonbe yon 2 zièm fwa devan Detroit Pistons 99 a 84. Pistons yo domine seri 7 match ak 2 viktwa kont 0 defèt. Miami Heat ap dominen seri a ak 2 viktwa kont 0 defèt apre yo kale New Jersey Nets 104 a 87. Nan Konferans de Lwès-la Seattle Supersonics ranpòte 2 premye rankont fas a Sakramento Kings ki pèdu 105 a 93. Gouvènman chinwa a nonmen basketè chinwa Yao Ming kap jwe nan Houston Rockets kòm yon travayè modèl-yon onè ki fèt pou travayè enkonu. Se pou la premyè fwa yon multimilyonè resevwa distenksyon an.

Tennis

Pou la premyè fwa Asosyasyon tenis pwofesyonèl la pral jwe yon tounwa O Vyetnam an Septanb pwochen. Tounwa a ap ranplase tounwa Open Heineken nan ki te konn dewoule nan Shangai.

XS
SM
MD
LG