Accessibility links

Breaking News

Enstalasyon Ofisyèl Pap Benwa XVI Nan Vatikan


Nouvo Chèf souvren Legliz Katolik Womèn nan, Pap Benwa-16, lonje lamen bay fidèl lòt relijyon yo pandan seremoni entalasyon ni dimanch 24 avril sa a nan Vatikan.

Diyitè ki te soti toupatou nan lemond te rasanble nan Vatikan pandan plizyè santèn milye moun te mase sou Plas Sen-Pyè a e anpil lòt tap suiv evènman sou gwo ekran video. Lepap te pale nan lang italyen, apre yo te remèt li tout senbòl otorite papal la. Pap Benwa-16 di, nan moman sa a, mwen ki se yon sèvitè Bondye e ki tou fèb, mwen dwe pran kokenn responsablite sa a, ki vrèman depase tout kapasite yon kretyen-vivan. E li te ajoute ak konviksyon ke li konnen li pa poukont li.

Pi lwen, Lepap te salye moun ki pa nan kominyon total ak Katolik Women yo men ki resevwa sakreman Batèm. Epi li te ajoute: "Nou menm frèm ak sè mwen nan pèp jwif la, nou makònen ak nou gras ak yon gran eritaj spirityèl nou pataje." Lè Pap Benwa-16 (Josef Ratzinger) te deklare li pa bezwen prezante yon pwogram gouvènman paske vrè pwogram ni se pa fè volonte pa li ni pousuiv lide pa l’, men se koute, ansanm ak tout Legliz la, pawòl ak volonte Gran-Mèt la, bravo te fè kenken.

Apre mès enstalasyon an, Pap Benwa 16 te fè yon vire won nan yon jeep blan dekapotab pou li salye fidèl yo e bay benediksyon sou Plas Sen-Pyè.

XS
SM
MD
LG