Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Enskripsyon Pral Tanmen Pandan Pati yo Kontinye ap Chwazi Kandida


Nan peyi d Ayiti, responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa a mentni dat lendi 25 avril la pou derapman operasyon enskripsyon yo nan zòn Latibonit, sa ki gen yon aspè plis senbolik ke pratik, dapre kèk sous.

Yon lòt kote, yon nouvo non vin ajoute sou lis kandida-a-la-prezidans pou pwochen eleksyon yo. Serge Gilles jwenn apwobasyon majorite manm yon kowalisyon gran pati ki gen tandans sosyalis e ki kreye yon tèt ansanm (Fizyon Sosyal Demokrat) pou ogmante chans yo nan vòt la. Pwofesè Victor Benoît se lidè nouvo kowalisyon sa a.

Fè klik sou ralonj ki anwo atik sa a pou w ka tande nouvèl la ak detay.

XS
SM
MD
LG