Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon Espesyal ap Etidye Posiblite pou Ayisyen nan Diaspora a ta Vote nan Eleksyon yo


Gen posiblite pou Ayisyen ki aletranje, e ki pat renonse nasyonalite yo, ta kapab patisipe nan eleksyon ki fikse pou fen ane a ann Ayiti. Yon kominike Alyans Ayisyen Lòtbòdlo (Alliance des Haïtiens d’Outre-mer) fè konnen yon delegasyon ki te gen nan tèt li doktè Emmanuel François, te fè chita-tande nan Pòtoprens, nan semèn ki sot’ pase a, ak responsab Konsèy Elektoral la, e yo tonbe dakò sou prensip ki dwe gide yon demach konsa. Klike sou ralonj (lyen) ki anlè tèks sa a pou plis detay avèk Doktè François.
XS
SM
MD
LG