Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/21/05


Football/ CONCACAF

Seleksyon football Jamayik kale Gwatemala 1 a 0 nan kad yon match amikal choje jarèt ki jwe yè swa nan Atlanta Jòji. Luton Shelton make bout gòl la pou Jamayiken yo nan 14 zièm minit rankont-la premye rankont Reggae Boyz yo jwe depi yo finn ranpòte koup Digicel la ane sa a. Gwatemaltèk yo ap mete tèt pou Brezil kote yo pral jwe ak seleksyon lokal la nan Sao Paolo 27 Avril.

Football / Europe

Klub football Europeyen yo pral mete nan ekip yo jwè ki fòme nan peyi a lè yap patisipe nan konpetisyon kontinantal dapre desizyon Unyon Football Europeyen an adopte nan kongrè anyèl kap dewoule nan Letoni. Nouvo règleman yo ap aplike pou tout klub kap patisipe nan koup Unyon Football Europeyen an ak Lig dè Chanpyon an ak posibilite pou federasyon nasyonal yo aplike mezu a kap kòmanse aplike a pati de sezon 2006/2007 la. Nouvo règleman yo mande pou klub yo gen 4 jwè ki resevwa fomasyon football nan peyi a sou yon total 25 jwè. Chif la ap pase a 6 pandan pwochen sezon an e a 8 pandan sezon 2008 / 2009 la. Unyon Football Europeyen an konsidere yon jwè ki fòme nan peyi a swa avèk klub lap jwe a ou byen ak lòt klub pandan 3 zan pou pipiti soti 15 pou l rive 21 ane.

Delege yo, kap patisipe nan konferans anuèl pwolonje manda komite ekzekutif Unyon Football Europeyen pou yon lane--sa vle di aktuèl prezidan Swedwa Lennart Johansson ap rete nan tèt òganizasyon an juskan 2007 olye de 2006-chanjman an UEFA a ap mete sou menm liy ak eleksyon ki gen pou dewoule nan FIFA, Konfederasyon Sud Ameriken Football ak Azyatik la pou vote yon nouvo prezidan pandan yon ane enpèr. Desizyon an louvri wout la pou Alman Franz Beckenbauer poze kandidatu l an tout tranquilite apre li finn òganize koup du mond la an lan 2006. Ofisyèlman franse Michel Platini se sèl kandida deklare dèyè pòs prezidan Unyon Euròp la kap vid an lan 2007.

Gadyen seleksyon football franse Fabien Barthez gen pou l bay eksplike komisyon disiplin federasyon football franse a rezon ki fè l te voye yon plòt krache nan figi yon abit nan okazyon rankont amikal ant Wyadad ak Olenmpik de Marseille an Fevriye dènye O Mawòk.

Atletisme

Kourè Britanik Kelly Holmes fè konnen kous atletik Sheffield la se dènye konpetisyon lap patisipe sou sòl Britanik la avan li pran retrèt li apre je Commonwealth Britanik yo kap dewoule an Mars 2006 nan Melbourne an Ostrali.

Atlèt Pakistanè Feroze Khan ki konsidere meday olenpik mondyal ki pi aje sou tè a mouri nan Karachi. Li te gen 100 tan. Feroze Khan te ranpòte te nan ekip Hokey nan je zolenpik ki te dewoule nan Amsterdam an 1928.

Basketball

NBA New Jersey Nets kalifye pou 8 tièm e dènye plas nan Konferans de Lès-la apre viktwa 102 a 93 yo ranpòte devan Boston Celtics. Viktwa a elimine Cleveland Cavaliers malgre Cavaliers yo ranpòte la viktwa 104 a 95 devan Toronto Raptors e fini a egalite ak Nets yo ki kalifye akoz Nets yo te kale Cleveland 3 fwa sou yon total 4 rankont pandan sezon an. Nan lòt rankont Philadelphia 76ers danse sou Atlanta Hawks 110 a 86. Detroit Pistons tonbe devan Charlotte Bobcats 97 a 86. Miami Heat te fè anpil efò pou l kale Orlando Majik 98 a 93. New York Knicks woule Washington Wizards 113 a 105. Indiana Pacers ranpòte yon viktwa de justès devan Chikago Bulls 85 a 83. Dallas Maverics benyen Memphis Grizzlies 108 a 88. Los Anjeles Clippers kale New Orleans Hornets 86 a 75. Minnesota Timberwolves woule San Antonio Spurs 95 a 73. Houston Rockets pilon-nen Seattle Supersonics 106 a 78. Los Anjeles Lakers tonbe devan Portland Trail Blazers 106 a 103. Utah Jazz pat gen chans devan Golden State Warriors 106 a 89 epi Sakramento Kings tronpe vijilans Phoenix Suns 132 a 107.

Boxe

Boksè Ukrenyen Vitali Klitschko subi yon operasyon nan Los Anjeles. Doktè yo di operasyon an te dure 30 minit e retire yon ti boul ki tap fòme bò kolòn vetebral boksè a ki gen plan pou l defann tit pwa lou konsèy Mondyal Boks la fas a ameriken Hasim Rahman nan yon dat ki poko deside.

TENNIS

Jwè tenis Arjanten Agustin Calleri kalifye pou kar de final tounwa tenis Barselòn nan apre li elimine konpatriòt li Guillermo Coria an 3 manch 6-4, 6-7, 7-6. Calleri pral rankontre ak espayòl Rafael Nadal ki pat gen difikilte pou l kale Slovak Dominik Hrbaty 6-1, 6-2. Guillermo Canas, yon lòt arjanten, fè malèt li nan tounwa a. Msye tonbe fas anba devan Tchèk Radek Stepanek nan yon match gason pa kanpe 7-6, 6-7, 6-7. Pandanstan Juan Carlos Ferrero pase nan kar de final la apre yon swif pase Alberto Martin 6-1, 6-2. Carlos Moya fè bèk a tè devan Belarus Max Mirnyi 6-4, 6-4. Jwè kap patisipe nan tounwa sa a konsidere l kòm yon tounwa chofe jarèt avan yal patisipe nan tounwa tenis Roland Garos la kap kòmanse nan vil Pari an Frans 23 Me.

XS
SM
MD
LG