Nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti fè konnen pou pi piti gen 10 moun ki pèdi lavi yo ak plizyè lòt ki blese nan operasyon MINUSTAH, fòs lapè L'ONU an, mennen nan katye popilè Site Solèy, toupre Pòtoprens, pandan fen semenn pase a, ansanm ak ajan PNH (Polis Nasyonal Ayiti a).
Patizan ansyen prezidan Aristide yo pwoteste kont sa yo rele abi fòs sekirite yo ta komèt, dapre yo, nan zòn sila a. Sepandan, otorite yo deklare viktim yo se manm gang ame ki t'ap simen panik nan bidonvil la.
Yon lòt kote, delegasyon Konsèy Sekirite Nasyonzini ki te vizite Ayiti a kite peyi a samdi apre yo te fin evalye sitiyasyon an sou teren an e afime, yon fwa ankò, apui kominote entènasyonal la pou pwogram tranzisyon an.
Klike sou ralonj ki anlè tèks sa a pou plis detay.